Kisa Kap Rive Apresa?
Ou mete anpil travay nan pèdi pwa w la nan dènye mwa ki sot pase yo!
Ou etabli nouvo objektif pwa pou w pèdi a oubyen objektif pou mentni pwa a! Kounye a, kisa kap rive apresa pou ou?
Men kèk ide:
Rantre nan yon lig espòtif lokal pou w ajoute aktivite nan orè w. Jwe tenis, jwe baskètbòl, oubyen rantre nan yon klib lamach.
Eseye yon bagay konplètman nouvo! Ale nan yon kou yoga, eseye yon sesyon natasyon, oubyen al monte bekàn oubyen yon klas spin!
Reflechi pou wè si w ta ka anrejistre pou yon kous 5K (5 kilomèt) kap rive nan detwa mwa epi planifye pou w antrene pou li.
Kisa yon 5K ye?
Yon 5K se kouri (oubyen melanje mache ak kouri) sou yon distans 3.1 mil. Plizyè kominote lokal genyen kous 5K rilaks pandan tout ane a.
Yon 5K se yon bèl objektif si ou poko fè anpil kouri jiskaprezan. Ou kapab antrene pandan 3 mwa epi prepare kò w pou sa. Wap sezi wè kisa w ka fè!
Yon pwogram antrènman 5K gen ladann pwogresyon ak jou repo. Pwogresyon vle di objektif kouri wap etabli ofiramezi. Jou repo yo se jou wap pèmèt misk ak atikilasyon w yo pran repo. Petèt ou ka detire olye pou fè sa.
Antrene pou yon kous se yon sitiyasyon ganyan-ganyan
Antrene pou yon 5K ba w rezon pou w pèsevere ak yon orè egzèsis 9 semèn!
Lè w kouri sa diminye risk pou maladi kwonik, tankou maladi kè, dyabèt tip 2, ak estwòk. Li amelyore imè w e l kenbe pwa w sou kontwòl.
Objektif pou jounen an
Pwochen etap ou a ap totalman inik a oumenm.
Kisa ki ta ka sanble tankou yon bon defi kounye a?
Nenpòt sa l ye a, fè yon plan pou fè l!
Enpòtan
Kouri pa fèt pou tout moun.
Pale ak doktè w pou konnen ki kalite egzèsis ki bon pou ou.