Sa Wap Manje
Kisa pran konsyans ye?
Pran konsyans vle di pou w prete atansyon ak sa kap pase anndan w ak ozanviwon w toutan. Ou kapab pran konsyans nan plizyè aspè nan lavi a. Lè w pran konsyans sou sa wap manje sa ka ede w jere pwa w. Lè w pran konsyans sa gen pou wè ak atansyon w prete tèt ou ak anviwònman fizik, emosyonèl ak mantal ou. Sa vle di ou dwe prete atansyon ak chak moman tank yap chanje.
Kisa Pran Konsyans Sou Sa Wap Manje Vle Di?
Lè w pran konsyans sou sa wap manje ou dwe kenbe nan tèt ou konsèp pran konsyans la epi aplike l sou poukisa, kilè, kibò, kisa ak kijan w manje. Sa vle di ou dwe prete atansyon ni ak santiman fizik ni ak santiman emosyonèl ou genyen lè wap manje:
Obsève kò w. Note siyal ki fè w konnen lè w grangou ak lè vant ou plen ki gide w sou lè pou kòmanse ak lè pou w sispann manje.
Pa jije tèt ou ni reyaksyon w fas ak manje.
Note fason w reyaji devan manje. Kisa w renmen, kisa w pa renmen?
Pran san w pou w pran gou manje w. Etan wap manje, prete atanson ak tout koulè, odè, gou, ak teksti manje a.
Lè w pran konsyans sa ka ede w evite manje plis pase sa w te gen lentansyon manje a. Premye dan yo kapab pi satisfè w, e pwochen dan yo ka pa ba w menm bon sansasyon an. Sa ka ede w kontwole pòsyon w yo.
Mande tèt ou, "Èske mwen:"
Grangou fizikman? (Sou yon echèl soti 1 rive 10.)
Manje rapid oswa dousman?
Manje nan moman an? Èske map manje vay ke vay oswa map prete atansyon ak chak dan mwen pran?
Map fè plizyè bagay, oubyen èske m byen konsantre sou repa oswa ti goute sa a?
Santi vant mwen gen gaz?
Raz, gen estrès, m bouke m gen anksyete, m tris, elatriye?
Men kèk ti konsèy:
Pran yon souf epi mande tèt ou, "Èske mwen grangou tout bon vre?" anvan w pran manje a.
Kòmanse eseye pran konsyans. Kòmanse manje 1 repa chak jou, pi dousman, epi prete plis atansyon.
Konsantre sou manje. Evite fè lòt aktivite etan wap manje (travay, pale nan telefòn, gad televizyon, kondui, li, elatriye).
Pwograme 20 minit nan yon kwonomèt epi pran tout tan an pou w manje repa a.
Manje an silans pandan 5 minit (reflechi sou tout bagay ki te gen rapò ak preparasyon repa a, depi solèy la ak dlo a, rive sou kiltivatè a, episye a, jiska kizinye a).
Ralanti. Manje ak men w ki pa domine a oubyen eseye manje ak ti baton chinwa (tchòpstik) yo.