Ou Pa Gen Tan?
Èske laviw tèlman okipe jouk li fè w pa ka pran tan pou fè ase egzèsis? Men yon ti chanjman onivo mantal ki ka ede w: "Eta natirèl kò m se pou l an mouvman, li pa ka rete anplas."
10 minit egzèsis kadyo ba w 10 fwa plis avantaj pase 0 minit egzèsis kadyo.
10 sitòps fè w vin pi sere e pi djanm pase jan w te ye anvan an.
Chèche ti tan nan jounen w. Kò w vle fè mouvman! Chèche tout okazyon pou:
Pake machin ou byen lwen lè w ale fè acha, lè w ale lekòl oswa nan travay.
Pran eskalye olye pou w pran asansè.
Fè pouchòp. Fè sitòps.
Mache ak chen an pi rapid epi pi lontan.
Fè egzèsis sou chèz oswa atè a etan wap gade televizyon.
Diminye kantite tan w pase devan ekran. Ale deyò!
Anvan w al pran kourye a, mache toutotou blòk katye w.
Pran 10-minit nan tan w pou fè egzèsis.
Istwa Anna
Mwen te fè atansyon anpil ak dyèt mwen an. Men sanble pwa a pat vle desann. Epi mwen vin wè pouki sa fèt. Kounyeya, mwen kouri pran kèk ti tan pou m boule kalori nan moman ki pi dwòl yo. Anpil! Kounyeya mwen pèdi pwa pi fasilman!
Resèt pou ka gen sikè
Fè aktivite fizik + manje yon fason ki entelijan = pèdi pwa