Pran Konsyans sou Sa Wap Manje
Kisa pran konsyans ye?
Pran konsyans vle di pou w prete atansyon ak sa kap pase anndan w ak ozanviwon w toutan. Pran konsyans se yon bagay ki ka aplike nan plizyè aspè nan lavi a. Lè w pran konsyans sou sa wap manje sa ka ede w jere pwa w. Pou pran konsyans, fòk ou konn tèt ou ak anviwònman fizik, emosyonèl ak mantal ou. Sa vle di veye chak moman lè gen chanjman.
Kisa Pran Konsyans Sou Sa Wap Manje Vle Di?
Lè w pran konsyans sou sa wap manje ou dwe kenbe nan tèt ou konsèp pran konsyans la epi aplike l sou poukisa, kilè, kibò, kisa ak kijan w manje. Sa vle di ou dwe prete atansyon ni ak santiman fizik ni ak santiman emosyonèl ou genyen lè wap manje:
Obsève kò w. Note siyal grangou ak siyal lè vant ou plen ki fè w konnen lè pou kòmanse ak lè pou sispann manje.
Pa jije tèt ou ni reyaksyon w fas ak manje.
Note fason w reyaji devan manje. Kisa w renmen, kisa w pa renmen?
Pran san w pou w pran gou manje w. Etan wap manje, veye tout koulè, tout sant, tout gou ak konsistans manje a.
Lè w pran konsyans sa ka ede w evite manje plis pase sa w te gen lentansyon manje a. Se kapab premye bouche a ki ba w plis satisfaksyon, e ou ka pa jwenn menm plezi a nan pwochen bouche a. Sa ka ede w kontwole pòsyon an.
Mande tèt ou, "Èske mwen:"
Grangou fizikman? (Sou yon echèl soti 1 rive 10.)
Manje rapid oswa dousman?
Manje nan moman an? Èske m griyote san mwen pa pran konsyans oswa èske map remake chak bouche mwen pran?
Map fè plizyè bagay, oubyen èske m byen konsantre sou repa oswa ti goute sa a?
Santi vant mwen gen gaz?
Raz, strese, fatige, gen anksyete, fache, tris, elatriye?
Men kèk ti konsèy:
Pran yon souf epi mande tèt ou, "Èske mwen grangou tout bon vre?" anvan w pran manje a.
Kòmanse eseye pran konsyans. Kòmanse manje 1 repa chak jou, pi dousman, epi prete plis atansyon.
Konsantre sou manje. Evite fè lòt aktivite etan wap manje (travay, pale nan telefòn, gade televizyon, kondui, lekti, elatriye).
Pwograme 20 minit nan yon kwonomèt epi pran tout tan an pou w manje repa a.
Manje an silans pandan 5 minit (reflechi sou tout bagay ki te gen rapò ak preparasyon repa a, depi solèy la ak dlo a, rive sou kiltivatè a, episye a, jiska kizinye a).
Ralanti. Manje ak men w ki pa domine a oubyen eseye manje ak ti baton chinwa (tchòpstik) yo.