Skip to main content

Lè pou Konsantre

Jiskisi ou aprann anpil bagay, tankou kijan yon moun pèdi pwa ak kijan w ka chanje dyèt ou ak abitid egzèsis. Li ka difisil, men chimen w suiv pou pèdi pwa a pral ede w santi byen e wap byen bèl.

Istwa Laura

Apre premye semèn mwen an, mwen te santi yon ti doulè. Apresa doulè a te ale. Mwen konnen kijan sa difisil pou pèdi menm 25 kalori, kidonk mwen pa pral gaspiye l nan manje move manje!

Kle a se ki kantite manje w manje. Li etikèt sou manje yo pou konn kantite a. Gen kèk fason w kapab konnen konbyen kalori w absòbe e ki kantite w ta dwe sible. Ou ka pran nòt sou tout bagay sa yo nan telefòn ou oswa nan kaye nòt ou.

Kò w bezwen bouje pou l rete djanm e pou l mache pi byen. Li menm ranfòse imè w. Epi, kounyeya ou konnen ke tout adilt yo bezwen 150 minit egzèsis pa semèn. Ou ka fè plis. Enfòme founisè w la.

Kounyeya ou ta dwe

  • Konnen objektif kalori w pou chak jou.

  • Gen yon lide sou kantite kalori w manje chak jou.

  • Siveye (ekri) kantite kalori w pran chak jou ak aktivite fizik ou fè.

Sonje

Se chak jou pou rekòmanse! Ou ka fè erè. Pa kite yo dekouraje w.

Objektif pou jounen an

Kòmanse reflechi sou objektif aksyon w pou semèn pwochèn konsènan manje ak aktivite. Wap kapab defini yo nan pwochen atik la!