Reflechi sou epi Fè Rapèl pou Objektif ou yo
Sa se dènye Kontwòl Pwogrè w la!
Kontwòl sou objektif aksyon
Kijan wap degaje w avèk objektif manje ak objektif aktivite w yo?
Èske ou vle kontinye konsantre sou yon objektif aksyon? Modifye l si ou bezwen fè sa. Pran angajman pou sa!
Èske w pare pou yon nouvo objektif aksyon? Poze tèt ou kesyon: "Kisa pi move abitid mwen an ye kap travay kont mwen nan pèdi pwa mwen an?"
Kreye yon nouvo objektif aksyon pou w kraze move abitid sa a. Pran angajman pou sa, e byento ou pral sou yon pakou pi rapid pou w rive nan objektif pwa w la!
Planifye pou w pwogrese avèk konfyans nan tèt ou!
Pou rezime ak planifye davans, make:
Objektif aksyon pou manje w.
Objektif aksyon pou aktivite w.
Fason pou w jere obstak ak deklanchè yo.
Kisa ou pral chanje ak evite.
Siksè w yo.
Lè w siveye konsomasyon manje w ak aktivite fizik ou, sa mete abitid ki bon pou sante w yo jis devan e nan pozisyon santral. Li ede w travay avèk fòs ak feblès ou yo, e wap pèdi pwa pi rapid!