Skip to main content

Pa Repran Pwa a

Si w pèdi yon ti pwa, konpliman! Ou dwe fyè tèt ou. Vèsyon oumenm sa a ki pi an sante a ka rete nèt.

Istwa Jillian

Mwen pèdi apeprè 25 liv e mwen renmen janm santi m ak janm parèt. Mwen gen plis konfyans nan tèt mwen, e mwen menm pi fèm. Li pi enteresan toutbon lè wap viv san pwa anplis. Figi m parèt diferan nan foto, e mwen pa vle retounen janm te ye a!

Veye rejim alimantè w

  • Kontinye suiv yon modèl alimantasyon ki bon pou sante. Etid yo montre ke moun ki pa repran pwa a pandan omwen ennan toujou kontinye suiv yon rejim alimantè ki gen mwens kalori pase rejim alimantè yo anvan yo te pèdi pwa a.

  • Prepare w pou chanjman ak deklanchè yo. Suiv yon modèl alimantasyon ki bon pou sante menmsi genyen chanjman nan woutin ou. Planifye alavans pou wikenn yo, deplasman yo, ak evènman yo. Planifye pou w gen pwòp manje ki bon pou sante w sou lamen lè w gen ti deklanchè kap pran w yo.

  • Manje manje maten chak jou. Li bon pou pèdi pwa. Sa ka ede w evite vin "twò grangou" epi manje twòp pi devan nan jounen an.

Fè aktivite fizik

  • Fè aktivite fizik toulejou. Pifò adilt ta dwe eseye fè 2 zèdtan 30 minit aktivite fizik chak semèn. Ou pa oblije fè l tout yon grenn kou. Ou ka al fè yon ti mache rapid 20 a 30 minit 3 fwa pa jou.

  • Planifye pou w fè yon ti aktivite fizik chak jou si w kapab.

Enpòtan

Si w genyen lòt pwoblèm sante oubyen nenpòt enkyetid, verifye sa ak doktè w anvan w fè aktivite fizik nan nivo sa a.

Rete sou bon chimen an

  • Pran nòt. Siveye manje ak egzèsis ou lè w make yo nan yon jounal. Sa ka ede w wè pwogrè ou yo epi rekonèt tandans ou yo. Ou ka remake pwa w ap regrenpe lè w gen anpil deplasman pou travay ou. Lè w remake bagay sa yo, fè chanjman. Ou ka pote pwòp manje w nan avyon an epi itilize sal kondisyònman fizik ki nan otèl la.

  • Kontwole pwa w. Tcheke pwa w 2 a 3 fwa pa semèn. Ekri li, pou w ka modifye rejim alimantè w ak plan egzèsis ou a si sa nesesè. Si w pran detwa liv, retounen sou bon chimen an tousuit.

  • Jwenn sipò. Moun ki pèdi pwa epi ki pa repran ni jwenn èd nan men lòt moun. Gendelè lè w gen yon zanmi oubyen yon patnè kap veye pwa li tou sa ka ede w rete sou bon chimen an.

Si w bezwen èd oubyen sipò, pale avèk doktè w oubyen voye yon mesaj pou responsab swen w lan. Yo la se pou ede w!