Skip to main content

Kalite Grès

Grès. Mo kat lèt la ki fè majorite moun kap fè dyèt pè. E moun ki pap fè dyèt tou.

Men tout moun pale grès mal. Grès yo, menm jan ak pwoteyin, idrat kabòn yo esansyèl pou sante w.

Èske w te konnen?

Sèvo w prensipalman konpoze ak grès!

Li enpòtan pou w gen bon grès nan rejim alimantè w.

Men kote li yon ti jan delika. Genyen bon grès ak move grès. Aprann plis enfòmasyon sou grès yo: ki manje ki gen bon grès yo, ak ki manje ki gen grès ou dwe evite.

Bon grès yo. Grès mono-ensatire ak poli=ensatire yo ke yo rele "grès ki bon pou sante yo" akoz yo bon pou kè w, nivo kolestewòl ou, ak sante w anjeneral. Grès sa yo gen tandans "likid" nan tanperati anbyan. Lwil doliv, zaboka, ak sèten nwa, tankou zanmann ak nwa pekan yo, genyen grès mono-ensatire ladan yo. Grès poli-ensatire ki bon pou sante ki genyen asid grès Omega-3 ladan ou jwenn yo nan pwason ki gen grès, tankou somon, ak nwa epi grenn, tankou grenn len ak nwazèt.

Move grès yo. Grès yo rele grès satire yo solid nan tanperati anbyan. Pami manje ki gen grès satire ladan yo genyen moso grès nan vyann bèf ak kochon, pwodui letye ki gen grès konplè, ak lwil kokoye. Po poul genyen anpil grès satire tou. Grès sa yo ka ogmante risk maladi kè w ak lòt pwoblèm.

Grès lèd yo. Grès trans yo pa bon pou sante w. Grès trans yo se lwil ke yo transfòme pou yo dire pi lontan sou etajè makèt yo. Donk, li fè sans pou w prensipalman jwenn grès trans sa yo nan pwodui alimantè ki trè transfòme yo. Grès trans yo pa bon pou sante kè w sitou. Administrasyon Aliman ak Medikaman (FDA) a pran mezi pou elimine grès trans yo nan aliman transfòme yo. Pou kounye a, li etikèt yo avèk atansyon. Si li make grès trans, kite li sou etajè a.

Kote grès trans yo kache

Aliman transfòme, tankou patisri ki deja kwit ak ti goute yo, kapab gen grès trans ladan yo. Sèten magarin genyen grès trans ladan yo. Ou ka jwenn grès trans nan melanj gato ak pannkek, e menm nan sèten melanj bwason chokola.

Kisa ou kapab fè

  • Limite kantite vyann wouj oubyen vyann kochon ki gen grès nan rejim alimantè w.

  • Chwazi pwodui letye ki pa gen grès oubyen ki pa gen anpil grès epi mete fwomaj sou lis "sèlman detanzantan".

  • Koupe pati ki gen grès nan vyann yo anvan w kwit yo. Lè w retire po poul yo sa ede w limite grès satire nan rejim alimantè w tou.

  • E sitou, chwazi fwi fre ak legim, epi pòsyon mèg olyede manje ki deja kwit oubyen manje rapid. Sa pral ede w evite grès trans yo.

Li ka pran yon ti pratik, men byento ou pral fè bon chwa ki bon pou sante san w pa menm reflechi sou sa.