Skip to main content

Egzèsis nan Tanperati frèt

Èske fè frèt kote w ye a? Si fè frèt, wap bezwen ti konsèy sa yo pou w pare pou fè egzèsis nan tanperati frèt.

Fredi a pa oblije ralanti w. Ou pral santi w anfòm apre w mache oubyen kouri, travay nan jaden w, oubyen jwe ak timoun yo.

Men, lè w nan fredi deyò a sa ka ba w pwoblèm si w pa pare pou sa. Pwofite jwi lè fre sa a defason ki san danje.

Pou w rete san danje nan fredi, suiv ti konsèy sa yo:

Mete plizyè kouch rad sou ou

  • Kòmanse ak yon materyèl sentetik sou po ou, tankou poliyestè lejè oubyen polipwopilèn. Ou kapab chèche rad ki make "dri-fit" oubyen "dry-tek". Li pral wete transpirasyon an sou kò w e lap kenbe po w sèch.

  • Pou dezyèm kouch la, chwazi twazon, lenn, oubyen koton pou absòbe imidite.

  • Chwazi yon twazyèm kouch ki enpèmeyab pou van ak lapli, tankou yon jakèt ki gen fant.

Kenbe chalè a

  • Mete yon chapo pou w evite pèdi chalè nan tèt ou. Kouvri zòrèy ou.

  • Pwoteje pye w. Ensile yo ak chosèt cho epi kenbe yo sèch. Mete soulye oubyen bòt ki enpèmeyab.

  • Chwazi mout olyede gan etandone dwèt ou yo kapab chofe youn lòt.

Bwè likid

  • Bwè anvan w santi w swaf. Distans pou w santi w swaf, ou deja dezidrate.

  • Bwè dlo anvan w soti epi pote yon ti dlo avèk ou.

  • Si lèv ou yo fann, sa vle di ou bezwen plis dlo.

Enpòtan

Ou ka vin dezidrate oubyen gen jeli nan fredi.

Bwè anpil dlo epi mete plizyè kouch rad sou ou.

Pa fè twòp

Fredi koze estrès sou kò a. Menm jan ak egzèsis. Ansanm, yo ka twòp.

Kòmanse dousman epi pa fè twòp.

Pale avèk doktè w la oubyen responsab swen w lan si ou genyen enkyetid konsènan aktivite fizik nan fredi. Oubyen ou kapab voye yon mesaj pou responsab swen w lan.