Skip to main content

Reflechi sou epi Fè Rapèl pou Objektif ou yo

Annou tcheke pwogrè w!

Verifikasyon jounal kontwòl

  • Gade lis objektif aksyon w travay sou yo a. Ki nouvo abitid ou devlope nan vi w?

  • Ki move abitid ou kite?

  • Pran tan pou w selebre akonplisman w!

Ou santi w pa fè okenn pwogrè?

Si wap reprimande tèt ou ("Men mwen te ka fè anpil lòt bagay"), sispann kounye a:

  1. Ekri regrè sa yo. "Mwen te vin twò okipe ak lavi m donk mwen pat ka fè aktivite fizik."

  2. Transfòme yo an entansyon! "Pou aktivite mwen, mwen pral mache ak boule plis kalori!"

  3. Re-ekri chak nan yo tankou yon objektif aksyon. "Semèn sa a, mwen pral fè 4 ti mache rapid, ki dire 30 minit. Mwen pral mache deyò a olye mwen gade yon pwogram televizyon mwen pa fin twò renmen! Semèn pwochèn, mwen pral mache pandan 35 minit, 4 fwa."

Pou w motive tèt ou pou w bouje, konn konbyen kalori ou pral boule ak Get Moving! (Bay Kò w Aktivite!) ki se yon Zouti pou Boule Kalori.

Rapèl pou objektif SMART (Entelijan)

Yon objektif SMART (Entelijan) pa twò gwo pou takle, ni li pa twò piti. Li adapte ak vi toulejou. Se yon plan akoutèm. SMART (Entelijan) vle di:

  • Espesifik. Kisa mwen gen entansyon fè egzakteman pou m reyisi?

  • Mezirab. Kijan mwen pral kontwole pwogrè m ak konnen lè mwen atenn objektif mwen?

  • Oryante sou aksyon. Kisa mwen pral fè egzakteman?

  • Reyalis. Kisa ki se yon defi, men ki pa twòp pou mwen pou m takle touswit?

  • Baze sou tan. Kilè dat limit mwen an ye?

Mete objektif aksyon w yo ajou

Pou ka planifye davans, make:

  • Objektif aksyon pou manje w.

  • Objektif aksyon pou aktivite w.

  • Sa ki mache byen: taktik ak abitid ou vle kenbe.

  • Kisa ou pral fè yon lòt fason fwa sa a.

  • Siksè w yo, gwo ak piti. Ekri chak objektif aksyon ou akonpli!

Eseye sa a kòm nouvo eslogan pou w repete pou tèt ou semèn sa a: "Map transfòme tèt mwen an yon moun ki pi an sante ak pi aktif." Se verite!