Skip to main content

Reflechi sou epi Fè Rapèl pou Objektif ou yo

Ou deja gen apeprè 4 semèn depi w nan pwogram lan, sa se si w te tcheke toulejou! Èske w santi w sou bon chimen an ak pwojè pèdi pwa w la?

Si w pa sou bon chimen an

Ann ogmante l! Se pou vreman konsantre w sou kalori yo.

  • Gade jounal ou yo. Bay tèt ou kredi pou siksè w yo. Kontinye fè sa ki ba w bon rezilta.

  • Epi pran yon nouvo defi.

  • Petèt li lè pou konte kalori pandan yon semèn? Aprann kisa wap absobe reyèlman.

  • E si w ta ogmante aktivite w fè toulejou? Pouse tèt ou. Degaje w boule kalori!

Pou ka gen kèk chif solid nan jounal ou, itilize Zouti Kalori Alimantè (Food Calorie Tool) ak Get Moving! zouti pou boule kalori.

Si w sou bon chimen an

Konpliman epi kontinye pran sa ki fre! Se oumenm sèlman ki konnen kisa ki mache ak kisa ki pa mache:

  • Siveye obstak ki antrave siksè. Planifye pou simonte yo.

  • Planifye fè yon bagay ou vreman vle fè tankou yonnouvo klas egzèsis. Petèt ou ka mache rapidman ak yon zanmi w pa wè depi lontan. Oubyen yon liv kuizin ki enspire w nan bibliyotèk la.

Mete objektif aksyon w yo ajou

Planifye davans pou fè semèn kap vini sa a yon siksè! Pou rezime ak planifye davans, make:

  • De (2) objektif manje ak aksyon aktivite pou jou kap vini yo. Yo ka se menm objektif yo, oswa yo ka se objektif revize oswa nouvo objektif.

  • Kisa ki mache byen pou ou.

  • Kisa ou pral chanje ak evite.

  • Siksè w yo, gwo ak piti. Make chak aksyon ou te planifye atenn!

Kèlkeswa kantite pwa w pèdi a, kit li anpil, kit li pa anpil, fè l mache!

Si w bezwen fè reglaj, fè reglaj.

Konsantre w, planifye epi fè sa w planifye a!