Skip to main content

Ann fè yon revizyon!

Kounyeya ou konn ke lè w diminye sou kalori w yo, sa ka fè w pèdi pwa anplis. Kantite kalori w ou planifye pran chak jou a depann de plizyè faktè, tankou laj ou, pwa w, ak aktivite fizik ou fè. Si ou pa konnen kantite kalori w planifye pran chak jou w la, voye yon mesaj pou responsab swen w lan.

Epitou ou te aprann sou fason sa yo pou pèdi kalori:

  • Evite pran plis sik ak grès.

  • Fè chanjman pou pran sa ki pi sen.

  • Li sa ki make sou etikèt alimantè yo ak pòsyon yo.

  • Manje jiskaske w satisfè oswa jiskaske w prèske plen.

Sonje, lè wmanje sen, sa ka ede w bese risk pou devlope gen devlope maladi.

Epitou, lè w fè plis egzèsis lasemèn, sa ka fè w boule kalori anplis.

Ou dwe gen yon objektif pwa ke w sible. Pwa ou sible a se pwa ki ba ou vle genyen an. Sonje ke si w pèdi 1 a 2 liv pa semèn, nanpwen danje nan sa.

Tcheke pou wè:

  • Ki kantite liv total ou vle pèdi?

  • Konbyen sa pral pran w?

  • Kijan w kòmanse wè kèk ti pwogrè?

Obstak ki anpeche w atenn objektif ou

Kounyeya petèt ou te rankontre kèk obstak lè w tap pousuiv objektif ou:

  • Obstak pou manje yon fason ki sen se kapab ale nan fèt oswa evènman toutan, oswa w ka manje sipò. Epitou lè w anvi manje yon manje, lika difisil pou w fè chanjman.

  • Obstak pou fè aktivite fizik se kapab ou pa gen tan oswa w pa gen moun ki pou fè egzèsis avè w, oswa li senpleman difisil pou rete motive. Ou ka li plis sou bagay sa yo demen oswa kontinye li kounya nan Obstak pou Fè Aktivite Fizik.

Istwa Jeff

Mwen pa ka jwenn tan pou m fè aktivite fizik, epi pare pitit gason m mande al mache avèk li misye te bezwen konsèy. Kounyeya mwen mache nan tout kay achak fwa mwen nan telefòn. Mwen santi m byen difèt ke m fòse tèt mwen mache. Mwen te menm fè plan pou m ale ak yon zanmi m nan yon vil ki toupre epi m pat lwe machin, donk mwen te oblije mache pandan plizyè jou!

Ap toujou gen obstak. Ou ka toujou kreye fason pou simonte yo. Responsab swen w lan kapab ede w tou! Voye yon mesaj pou responsab swen w lan.

Lè pou reflechi

Site 1 obstak ou te genyen pandan pwogram sa a?

Kijan w te fè pou te simonte l? Oubyen kijan w pral fè pou simonte l?