Obstak pou Fè Aktivite Fizik
Èske w janm santi toujou gen yon bagay ki anpeche w fè aktivite fizik? Gade lis sa a ki gen 10 obstak komen ak kèk lide pou simonte yo:
1. Èske w enkyete poutèt gen moun ki ka wè w?
Ou ale nan yon jimnaz ki gen fi oswa gason sèlman oswa w ka travay ak yon antrenè endividyèl lakay ou dabò. Yon fwa w santi w byen, ou pap enkyete poutèt aparans ou. E wap sezi wè kijan moun ka ba w sipò.
2. Move eksperyans avèk aktivite fizik nan lepase?
Kòmanse dousman avèk yon bagay ou renmen. Si w pa renmen jimnaz, ebyen eseye yon bagay ki totalman diferan, kòmparegzanp mache ak yon zanmi oswa pran klas sou dans.
3. Ou pa sou sa oswa w pa gen anpil ankourajman?
Planifye alavans. Enskri w nan yon gwoup oswa nan yon klas. Ale ak yon zanmi. Lè wap fè egzèsis, imè w ak enèji w amelyore.
4. Èske sezon chalè oswa sezon fredi fè w sispann?
Gen anpil bagay ou ka fanndan, menm nan yon lotèl. Aktivite w ka fè anndan:
Mache nan sant komèsyal.
Fè yon videyo egzèsis. (Chèche youn ki gratis sou entènèt!)
Itilize bagay ki nan kay la pou antrènman andirans tankou bwat manje oswa boutèy dlo.
Monte desann eskalye etan w nan telefòn.
Enskri w nan sant kondisyònman fizik oswa pran yon klas lokal.
Itilize jwèt videyo aktif.
Mete mizik epi danse.
Mache ak yon kòd pou sote nan valiz ou.
5. Ou pa ka jwenn tan?
Tout sa w fè konte. Ou ka fè egzèsis nan diferan moman nan jounen an, 10 minit an plizyè fwa. Li osi bon ke si w te fè tout yon kou. Ou ka mete li nan woutin ou fè chak jou. Men kèk fason w ka ajoute aktivite fizik nan woutin ou toulejou:
Mache pou w ale nan magazen.
Pran eskalye yo.
Pake machin ou pi lwen posib epi mache.
Fè egzèsis lè w nan biwo w oswa lè wap gade televizyon.
Rezève tan nan kalandriye w pou fè egzèsis.
Planifye yon evènman sosyal ki mande pou fè aktivite fizik! Fè randone an gwoup? Mache pou vizite vil?
6. Ou enkyete poutèt li ka koute lajan?
Gen anpil opsyon ki pa koute chè oswa ki pa koute anyen. Ou ka mache, itilize ak bagay nan kay la kom pwa, oswa fè travay nan lakou a. Ou ka prete videyo egzèsis oswa videyo dans nan bibliyotèk la. Tout gratis!
7. Ou panse lap fè doulè w vin pi mal?
Leplisouvan, lè w fè aktivite fizik regilyèman, li vin diminye doulè a avèk letan. Si w gen enkyetid poutèt doulè, konsilte doktè w oswa responsab swen w anvan w kòmanse.
8. Ou pè pou pa blese?
Aprann kijan pou fè egzèsis rechofman ak egzèsis refwadisman pou pa blese. Travay ak yon antrenè pou ka chwazi aktivite fizik ki bon pou w. Fè egzèsis ke w santi ki fè w byen sèlman.
Enpòtan
Konsilte doktè si w te janm gen gwo doulè oswa doulè ki dire.
9. Èske ou santi w pa gen sipò?
Mande zanmi oswa fanmi ede w. Chèche yon konpayon pou fè egzèsis. Kòmanse yon egzèsis ki gen defi ladann nan travay ou.
10. Èske ou santi estrès fin anpare w?
Pa kite estrès anpeche w fè aktivite fizik. Ofèt, aktivite fizik se yon bon bagay pou konbat estrès!
Èske ou gen kesyon? Voye yon mesaj pou responsab swen w lan.