Dlo!
Gen anpil rezon enpòtan pou bwè dlo. Li alimante selil ou yo. Se yon pati esansyèl nan kò w. Epi:
Lè w bwè dlo, ou pap dezidrate, e dezidratasyon se yon kondisyon ki ka anpeche reflechi aklè, li ka chanje imè w, oswa li ka ba w pyè nan ren.
Se kle a pou jere pwa w ak sante w anjeneral. Sak pi bèl la sèke li pa gen ankenn kalori.
Pafwa nou konn santi nou grangou alòske se swaf nou swaf. Donk mwen kont dlo anvan w manje!
Ki kantite dlo nou bezwen?
Li ka plis pase sa w panse.
An mwayèn, yon adilt pèdi apeprè 2 ka edmi (apeprè 10 tas) dlo chak jou.
Kidonk, se bon bagay pou bwè apeprè 8 a 12 tas nan yon jounen.
Sepandan bezwen pou likid la ka varye de youn moun a yon lòt. Mande doktè w ki kantite ki bon pou ou.
Sezon chalè, aktivite ak alimantasyon (konsomasyon pwoteyin elve, kafeyin oswa alkòl) fè w bezwen bwè plis dlo.
Ki fason ou ka bwè plis dlo?
Toujou mache ak yon boutèy dlo.
Pa tann se lè w swaf! Bwè l ofiramezi pandan jounen an.
Bwè dlo etan wap manje.
Pa sote fontèn dlo a. Toujou bwè yon gòje!
Kijan pou konnen ou bwè ase dlo?
Tcheke irin (pipi) w. Li ta dwe klè oswa yon koulè pal.
Enpòtan
Siyal Avètisman Dezidratasyon:
Kèplen oubyen vomisman.
Maltèt.
Tanperati kò a ki elve.
Lèv, lang oswa po sèch/kap dekale.
Pwoblèm retansyon dlo.
Doulè oswa kranp nan misk oswa nan jwenti.
Vwa anwe.
Konstipasyon.
Ajitasyon.
Ti volim irin ak/oswa irin koulè fonse.
Vètij ak pèt enèji.