Fo Kwayans sou Pèdi Pwa
Sou chimen w pran pou pèdi pwa, sa ka rive ke w tande dè bagay ki pa vre. Ou ka tande yo pale de solisyon rapid ak kèk pwomès ki sanble rapid e fasil. Fo kwayans sa yo ka vrèman detounen w. Men 2 fo kwayans komen epi verite a dèyè.
Fo kwayans: Dyèt alamòd yo pral ede m pèdi pwa epi mwen pap reprann pwa a.
Reyalite: Dyèt alamòd yo se pa pi bon fason pou pèdi pwa e pou l pa retounen. Yo pwomèt wap pèdi pwa rapid si w diminye sa w manje oswa si w evite sèten tip manje. Sepandan:
Dyèt sa yo pa fasil pou suiv.
Pifò moun vin fatige avèk yo epi yo repran tout pwa yo pèdi a.
Dyèt alamòd yo ka pa bon pou lasante. Ou ka manke kèk eleman nitritif kò w bezwen.
Lè w pèdi pwa twò vit, sa ka ogmante chans pou w gen pyè nan vezikil.
Lè wap suiv yon dyèt ki fè w pran mwens ke 800 kalori pa jou pandan lontan, sa ka ba w pwoblèm kadyak grav.
Pi bon fason pou w pèdi pwa, pou pa reprann pwa a ankò, se manje manje ki chaje ak eleman nitritif, ki pa gen anpil kalori epi fè aktivite fizik.
Ti Konsèy rapid
Pou pèdi pwa san danje, sa enplike yon dyèt ki pa gen anpil kalori ladann (tout gwoup manje ladann) ak aktivite fizik pou pèdi ant 1/2 a 2 liv pa semèn (apre premye semèn ap pèdi pwa).
Fo kwayans: Pwodui abaz sereyal tankou pen, pat alimantè ak dire, yo fè moun gwosi. Fòk mwen evite yo lè map eseye pèdi pwa.
Reyalite: Laverite sèke pwodui abaz sereyal yo gen fib ak vitamin kò w bezwen. Lè w manje yo, sa ka diminye chans pou gen kèk maladi kwonik. Yon pwodui abaz sereyal se nenpòt manje ki fèt ak ble, diri, avwàn, farin mayi, lòj oswa yon sereyal abaz grenn:
Sereyal konplè gen ladann nwayo sereyal antye: son, jèm ak endospèm. Pami yo genyen diri konplè ak pen konplè. Chwazi sereyal konplè pou ka gen plis eleman nitritif.
Yo pase Sereyal rafine yo nan moulen, yon pwosedi ki wete son ak jèm lan, tankou pen blan oswa pat alimantè blan. Pwosesis sa a bay sereyal la yon teksti ki pi rafine epi l ede yo dire pi lontan sou etajè magazen. Malerèzman, li wete fib, fè ak anpil vitamin B tou.
Ti Konsèy rapid
Bat pou omwen mwatye nan sereyal ou se sereyal konplè.
Fè chanjman ki bon pou lasante, tankou:
Pran 100% pen konplè olye de pen blan.
Pran diri konplè.
Si ou genyen kesyon, ou kapab voye yon mesaj pou responsab swen w lan .