Fè yon Chanjman
Bòn Nouvèl! Lè w manje sen, sa pa vle di fòk ou sispann manje tout manje w renman. Li pa oblije twoublan ni difisil.
Gen yon apwòch ki pi bon: Fè ti chanjman nan manje w deja manje yo.
Kisa ki chanjman ki sen?
Li senp. Ranplase yon manje oswa pati yonmanje pou yon opsyon ki pi sen. Men kèk ide:
Chanje lèt antye pou pran lèt kipa gen anpil grès nan sereyal ou manje maten.
Ranplase soda ki gen sik yo ajoute, pou pran dlo pandna lench ou.
Ranplase yon plat pat alimantè ki baze sou krèm poupran youn ki gen sòs ki pi lejè ak pli slegim pou dine.
Nan ki sans chanjman sa yo ka ede?
Lè fè chanjman sa yo, ou ka anpeche yon maladi kwonik tankou obezite, maladi kadyak, tansyon wo, oswa dyabèt tip 2 tonbe sou w.
Sa pa vle di ou oblije chanje fason w manje konplètman. Senpleman wap fè kèk ti chanjman lè w ale nan frijidè w, lè w al fè pwovizyon, lè w prepare lench, oswa lè w gade yon meni restoran.
Ki lòt chanjman m ka eseye fè?
Manje plis sereyal konplè Chwazi pen konplè olye de pen blan.
Redui konsomasyon sèl (sodyòm): Manje nwa plant yo kòm snak olye de chips pòmdetè. Chanje pou pran nwa san sèl. Ranplase bwat soup regilye yo ak sa ki gen mwens sodyòm.
Diminye sou manje ki gen grès satire: Manje fwi-de-mè 2 fwa pa semèn olye pou manje moso vyann ki gen grès lè wap dine. Lè wap fè chili oswa ragou, diminye sou kantite vyann nan epi ajout eplis pwa ak legim.
Diminye sou tout manje yo ajoute sik ladan yo: Fè yon "smoothie" lakay ou olye pou w fè krèm. Bay pitit ou 100% ji oswa dlo olye de "fruit punch" (ji fwi ponch).
Itilize lwil olye de grès solid: Tranpe pen konplè w nan lwil doliv olye w mete bè ladann. Chwazi yon vinegrèt ki abaz lwil olye de vinegrèt ki abaz krèm.
Objektif pou jounen an
Ki chanjman w pral fè semèn sa a?
Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou chanjman yo nan MyPlate.gov.