Ak Ki Entansite Pou M Fè Egzèsis?
Egzèsis yo vreman ka ede w jere pwa w. Men sa ka fasil pou yon moun epi li difisil pou yon lòt.
Koute kò w. Se oumenm ki konnen ak ki entansite ou dwe fè egzèsis. Kòmanse tipa-tipa epi ofiramezi antre nan yon bon pwogram. Ou ka ekri yon plan defason pou l vin pi entans oswa pi long achak fwa.
Men kèk mo w ka tande si w li oswa si w pale ak moun sou egzèsis.
Kisa ki aktivite fizik entansite modere?
Se avèk entansite sa a ou bezwen fè egzèsis pou ka jwenn avantaj pou sante w.
Egzèsis la fè w respire pi plis epi w pa transpire anpil.
Ou santi w ka fè l pandan 45 mwen konsa. Sa pa vle di ke w oblije fè l pandan tout tan sa a, se senpleman ke w santi w kapab.
Men kèk nan egzanp yo:
Yon ti mache rapid.
Monte bekàn kote ki plat.
Danse.
Anpile bwa.
Kisa ki aktivite fizik entansite enèjetik?
Egzèsis sa a fè w respire anpil, li fè kè w bat vit, epi l fè transpire.
Men kèk nan egzanp yo:
Kouri.
Klas ayewobik.
Naje an longè.
Espò ak rakèt.
Pèlte.
Kijan pou m fè konnen si entnasite a bon pou mwen?
Eseye fè tès pale a. Etan wap fè egzèsis entansite fizik modere, ou ta dwe kapab pale ak yon zanmi w etan wap fè l. Si w pa ka pale fasilman, wap fè egzèsis nan nivo enèjetik.
Si w fen kòmanse fè egzèsis, kòmanse l nan yon entnasite lejè osa modere epi ogmante l ofiramezi.
Èske ou gen kesyon?
Konsilte doktè w oswa voye yon mesaj bay responsab swen w pou konnen ak ki entansite ou ka fè egzèsis san danje.