Skip to main content

Doulè ak Kranp

Lè w gen doulè ak kranp, se siyal ki montre misk ou yo ap abitye ak yon nouvo bagay. Yo ka fè w mal, men wap santi w byen ou difèt ke w konnen misk ou yo ap vin pi djanm.

Lè w fin li sa a, wap byen konprann pouki rezon yo di w pou chofe, refwadi epi detire toutan!

Men kijan pou anpeche doulè ak kranp

  • Se dousman pou w ogmante yon nouvo egzèsis, pa fè l twòp epi kontwole konbyen tan w fè l. Se sa pwogram sa a fè pou w epi l pèmèt kò w vin abitye avèk li.

  • Mete chosèt ak soulye ki mezi pye w e ki fèt pou aktivite fizik.

  • Bwè anpil dlo anvan, pandan epi apre aktivite.

  • Pa bliye pran ase sèl ak lòt mineral nan dyèt ou. Si w gen tansyon wo oswa si w sou yon dayèt fèb-sèl, pale ak doktè w pou konnen ki kantite sodyòm ki bon pou ou.

  • Fè egzèsis echofman dabò, epi fè mouvman pou refwadi apre chak aktivite fizik. Egzèsis pou refwadi yo ede kò w debarase l de asid laktik (se li ki bay doulè) nan misk ou.

Men sa pou w fè si w gen doulè miskilè

  • Krèm ki soulaje doulè, glas oswa pad chofan ka bay kèk soulajman.

  • Fè kèk aktivite fizik dousman pou ka fè misk kap fè mal yo bouje.

Ti Konsèy

Menm si w gen doulè, al fè ti yon ti mache.

Si w pa fè okenn aktivite fizik, lap fè doulè a vin pi mal.

Men sa pou w fè si w gen yon kranp miskilè

  • Detire misk la dousman epi kenbe l detire jiskaske kranp la kalme.

  • Mase kote w gen kranp la.

Si malgre tou li fè w mal, mete glas sou msik ki ba w kranp la pandan kèlke minit. Itilize yon sèvyèt. Pa mete glas sou po w dirèkteman.

Si w gen enkyetid konsènan kranp miskilè oswa doulè, konsilte doktè w. Ou kapab tou voye yon mesaj pou responsab swen w lan.

Enpòtan

Si w gen doulè ki anpeche w fè egzèsis, pale ak doktè w oswa responsab swen w.