Skip to main content

Kalori Likid

Kalori likid yo ka ajoute sou kalori w yo byenvit. Gen anpil bwason ki gen kalori anplis tankou sik, grès ak alkòl. Pou ka pèdi pwa, li mye pou manje kalori nan manje, pa nan bwason.

Lap pi fasil pou w pèdi pwa si w sispann bwè sèten bwason leplis ke posib. Pi bon bwason w ka chwazi se dlo!

Ti Konsèy rapid

Li etikèt Valè Nitritif ki sou bwason yo. Byensouvan yon boutèy ji oswa kola pa pou bwè yon sèl kou, epi li chaje ak sik ladan.

Ann di jodiya ou te bwè yon vè ji zoranj, yon kenn soda, ak yon late"

  • Sa ba w apeprè 360 kalori anplis pou jounen an.

  • Epi 2 vè diven blan sèlman ba w menm apeprè menm kantite a.

  • Bagay sa a pran twòp sou kantite kalori w planifye pou w pran.

Istwa Claudia

Mwen te pran abitid bwè Dr. Pepper depi kèk àne nan kolèj. Mwen te eseye diminye l epi, pandan yon bon tan, mwen te konn bwè 2 a 3 bwat pa jou. Sepandan mwen te vreman bezwen kite afè sik la toutbon. Nan 2 premye semèn san li, mwen te santi m yon ti jan akaryat. Sepandan defi sa a se te tankou yon pwojè l te ye, epi mwen ranplase Dr. Pepper pa dlo ak "dlo gazez seltzer" san sik awomatize. Apre sa mwen kòmanse pèdi pwa byen vit!

Bwè dlo depreferans

Men pouki rezon dlo a pi bon:

  • Se yon eleman nitritif esansyèl.

  • Li gen zewo kalori.

  • Se pi bon bwason lè w swaf.

  • Li pa koute chè.

  • Li pratik.

  • Dlo a fè w santi w satisfè epi w santi w plen.

Si w santi dlo pa satisfè w, eseye bwè dlo "gazez seltzer" oswa mete tranch sitwon vèt oswa sitwon jòn, oswa konkonm nan dlo w. Epitou w ka ajoute yon ti kal ji 100% oswa poud awomatize zewo kalori nan dlo wap bwè a. Chwazi bwason "dyèt (diet)" ak bwason kipa gen sik yo ajoute olye pou bwè bwason yo sikre ak sik.

Savoure yon ti kal nan bwason ki gen anpil kalori ou pi renmen lè w ale nan evènman espesyal sèlman.

Sonje

Pou ka pèdi pwa, evite bwason ki gen kalori vid tankou alkòl, ji oswa kola. Bwè dlo depreferans. Tcheke kantite kalori ki genyen nan sa w bwè, ikonpri frape ("smoothies"), bwason kafe espesyalize ak ji.

Pa bay tèt ou pwoblèm poutèt sa w pa ka pran. Panse sou nouvo kò fizik ki ansante w la!