Reflechi sou epi Fè Rapèl pou Objektif ou yo
Byenvini nan twazyèm kontwòl sou pwogrè w la!
Tcheke jounal manje ak aktivite w fè. Konpare premye semèn nan ak semèn pase a:
Nan ki fason abitid manje w yo chanje?
Èske nivo aktivite w la chanje?
Ki difikilte ou te konfwonte?
Ann reflechi pou konnen kisa ki entèfere ak siksè:
Ki deklanchè ki fè w fè erè oswa echèk?
Èske gen 1 (youn) ou vle abòde?
Kontwòl sou objektif aksyon
Kounye a deside kijan ou vle avanse avèk objektif manje ak aktivite w yo:
Èske ou vle kenbe oswa revize yon objektif aksyon?
Èske ou byen reyisi yon objektif aksyon? Si repons lan se wi, panse a yon nouvo abitid ou vle adopte. Oswa yon defi ou vle takle!
Mizajou sou objektif aksyon
Pou ka pousuiv plan pou pèdi pwa w la, men sa pou note:
Objektif manje ak aksyon aktivite w yo pou jou kap vini yo.
Kisa ki te mache byen pou ou.
Fason pou anpeche echèk.
Siksè w yo, gwo ak piti. Kontwole chak objektif aksyon ou akonpli!
Etan wap dekopuvri kèk trik oswa kèk mwayen, tout sa ap vin pi fasil.
Ou sou bon chimen!