Skip to main content

Reflechi sou epi Fè Rapèl pou Objektif ou yo

Byenvini nan dezyèm kontwòl sou pwogrè w la!

Anvan w kòmanse travay sou 2 objektif aksyon w yo pou semèn sa a, ann gade:

  • Objektif kalori pou chak jou.

  • Jounal sou manje ak bwason w.

  • Jounal aktivite w fè.

Kisa ki mache byen? Kisa ki pa mache byen?

Pran nòt oubyen ansèkle sa ki bon ak sa ki pa bon.

Pwomèt tèt ou ke w pral:

  • Kontinye ak siksè w yo. Se bagay sa yo ki pral transfòme w pou vin yon moun ki pi anfòm, ak an pi bon sante.

  • Travay sou bagay ki difisil yo. Se sou bagay sa yo pou konsantre objektif aksyon yo.

Kontwòl sou objektif aksyon

Ann tcheke sou 2 objektif aksyon w yo:

  • Si w metrize yon objektif ki baze sou aksyon, konpliman pou nouvo abitid ou! Annou fikse yon lòt objektif aksyon.

  • Pou yon objektif kap pwogrese toujou, èske w senpleman bezwen plis tan? Oubyen si w revize objektif la, èske sa ka ede w?

Prepare w pou ka gen siksè. Pou nenpòt chanjman wap fè, chèche konnen kisa ki gen tandans bloke w. Chèche konn kisa l ye ekzakteman. Paregzanp, "Nou pap achte sirèt nan aparèy ki vann kolasyon ankò. Kijan? Mwen pap kite okenn pyès venn-senk kòb sou biwo m."

Mizajou sou objektif aksyon

Pou rezime ak planifye davans, make:

  • De (2) objektif manje ak aksyon aktivite pou jou kap vini yo.

  • Kisa ki te mache byen pou ou.

  • Kisa ou pral fè yon lòt fason fwa sa a.

  • Siksè w yo, gwo ak piti. Kenbe yon lis sou chak objektif aksyon ou akonpli!

Raple tèt ou

Reflechi ankò sou rezon pèsonèl ou, sou rezon djanm ki fè w vle pèdi pwa.

Se sa w vle. Degaje w fè sa epi pa devye objektif la!