Reflechi sou epi Fè Rapèl pou Objektif ou yo
Annou byen itilize deklanchè travay yo!
Sible deklanchè w yo
Gade lis deklanchè w la ki lakoz ou gen move abitid alimantasyon yo.
Chwazi deklanchè ki koze piplis pwoblèm yo.
Sible li ak yon adisyon sou objektif aksyon pou manje w la. Deklare kisa ou pral fè pou evite, kontoune, oubyen ranplase deklanchè sa a.
Objektif aksyon orijinal: "Chak jou pandan 7 pwochen jou yo, map manje 3 ti repa. Ant chak repa, map manje 3 ti goute ki bon pou sante, konsa mwen pap grangou epi m pap anvi manje tchips."
Deklanchè: "Mwen manje ti repa mwen yo ak ti goute ki bon pou sante m yo, men apresa mwen manje gato chokola, bonbon, oubyen nenpòt sa kap tante m yo."
Objektif sible a, ajoute sou objektif aksyon: "Mwen pral limite aksè a manje ki tante m yo. Pap gen okenn nan yo lakay mwen ni nan travay la. Men 1 fwa pa semèn, mwen pral pran yon rekonpans ki vo kalori yo: omaksimòm 200."
Mete objektif aksyon w yo ajou
Kounye a, revize jan sa nesesè:
Objektif aksyon pou manje w.
Objektif aksyon pou aktivite w.
Kisa ki byen fonksyone (taktik ak abitid ou vle kontinye yo).
Kisa ou pral fè yon lòt fason fwa sa a.
Siksè w yo.
Rekrite yon zanmi ki reflechi menm jan avèk ou pou sèvi w kòm konseye. Pataje ide w genyen pou w kenbe fèm ak chwa ki bon pou sante w yo!