Tan pou Refleksyon
Pran yon ti tan jodiya pou w reflechi sou abitid manje w yo. Ou li anpil ti konsèy sou manje sa ki bon pou sante w nan dènye semèn ki sot pase yo.
Kounye a, konsantre w sou tèt ou pandan yon ti tan.
Eseye etap sa yo pou w gen kontwòl sou tèt ou:
Revwa jounal sou manje w la. Fè yon ti gade sa w manje epi reflechi sou kijan w santi w nan moman an. Èske w te grangou toutbon? Èske w te bouke? Èske ou prese?
Souliye nenpòt abitid ki ka fè w manje twòp. Èske w manje twò vit? Èske ou pat pare pou w kwit manje pou dine? Èske ou sote repa, oubyen w toujou vle desè?
Idantifye tout deklanchè ki lakòz abitid sa yo.
Men pa bliye pou w bat bravo pou tèt ou pou bagay wap fè ki bon yo, tankou chanjman pou manje manje ki pi bon pou sante epi w pa pran desè.
Se pou w fyè pou siksè w genyen yo!
Deklanchè yo
Èske w rekonèt kèk nan deklanchè sa yo?
Lè w wè ti goute prefere w la nan plaka a.
Lè w chita lakay ou ap gad televizyon.
Anvan oubyen apre yon reyinyon oswa sitiyasyon ki estresan nan travay la.
Rantre lakay ou apre travay epi pa gen okenn ide kisa ou pral manje pou dine.
Gen yon moun ki ofri w yon repa yo fè "espesyalman pou ou."
Pase devan yon plat sirèt ki sou yon kontwa.
Chita nan sal poz la akote distribitè otomatik la.
Wè yon pla chaje ak donèt nan reyinyon maten anplwaye a.
Pase nan sèvis sou volan restoran rapid prefere w la chak maten.
Santi w raz oswa w bouke epi wap panse ke manje ap remonte w.
Jere deklanchè yo:
Remake deklanchè sou lis ou a ke w fè fas ak yo chak jou oswa chak semèn. Pou kounye a, annou konsantre nou sou sa ou fè fas ak yo pi souvan, pa bagay tankou peryòd fèt yo.
Poze tèt ou kesyon sa yo pou deklanchè sila yo: Èske genyen kèk bagay mwen ka fè pou m evite deklanchè a oswa sitiyasyon an? Pou bagay mwen paka evite yo, èske mwen ka chanje yon bagay nan moman an?
Ranplase move abitid ki pa bon pou sante yo pou nouvo, sa ki bon pou sante. Panse a fason pou w chanje abitid ou yo, tankou:
Manje pi dousman.
Manje sèlman lè w vreman grangou. Rele yon zanmi, fè lekti, oubyen fè egzèsis pou w jere lòt emosyon.
Planifye repa w yo alavans pou w asire w ke ou manje yon repa byen balanse ki bon pou sante.
Pran pasyans ak tèt ou. Nouvo abitid yo pran tan. Sa pa rive dijou olandemen. Lè w wè wap fè yon abitid ki pa bon pou sante, sispann pi rapid ke posib epi poze tèt ou kesyon sa yo: Poukisa mwen fè sa? Kilè èske m te kòmanse fè sa? Ki chanjman èske mwen dwe fè?
Piga janm rabese tèt ou. Yon erè pa vle di ou gate tout yon jounen abitid ki bon pou sante.
Ou kapab fè l! Annik pran bagay yo 1 jou alafwa!
Èske ou bezwen konsèy sou fason pou chanje yon abitid ki pa bon pou sante? Voye yon mesaj pou responsab swen w lan.