Skip to main content

Pèdi Pwa ak Alkòl

Ou aprann anpil bagay sou kijan pou w koupe sou kalori nan manje. Majorite nan nou pa panse byè, diven, ak kòktèl yo genyen anpil kalori ladan yo.

Verite a se ke: kalori anplis sa yo ki nan alkòl kapab adisyone rapidman.

Alkòl gen anpil kalori, tankou grès:

  • 1 gram alkòl = 7 kalori.

  • 1 gram grès = 9 kalori.

  • Ajoute melanj kòktèl yo, e li pi wo toujou!

Kijan l adisyone?

2 vè diven blan se ozanviwon 360 kalori. Sa egal ak yon gwo pati nan objektif kalori pou chak jou a pou majorite moun.

Lè w bwè 5 a 6 byè pa semèn li ka ajoute dè milye kalori nan ennan, menm jan ak manje plis pase 200 donèt!

Li fasil pou w wè kijan eksè konsomasyon alkòl kapab ba w liv anplis.

Epi ti goute trè komen etan wap bwè, sa ki ajoute sou kalori yo tou.

Kisa "alkòl an moderasyon" vle di?

Si ou bwè vreman, yon bon fason pou w diminye sou kalori yo ka se lè w bwè an moderasyon.

A graphic shows that moderate drinking means no more than 1 drink per day for women and no more than 2 drinks per day for men.

Bwè yon vè dlo ant bwason alkolik yo. Sa pral ede anpeche dezidratasyon.

Chwazi bwason ki gen nivo konsantrasyon ki ba, oubyen bwason ki gen yon volim alkòl ki pi ba (ABV). Echanje bwason w pran dabitid la pou youn ki gen mwens kalori.

Echanj bwason

  • Echanje yon pinya kolada pou yon mohito epi ekonomize 326 kalori.

  • Echanje wonm ak koka doub pou yon vòdka senp, sitwon, ak soda epi ekonomize 107 kalori.

  • Echanje yon gwo vè diven blan pou yon espritzè diven blan avèk dayèt soda epi ekonomize 35 kalori.

  • Piga bwè lè vant ou vid. Si ou pran ti goute pandan wap bwè, evite ti goute ki gen anpil kalori yo, tankou tchips ak manje fri. Eseye opsyon lejè yo, tankou prètzèl, pòpkòn senp, oubyen tchips ki kwit nan fou.

  • Lè w bwè an wonn sa ka vle di wap bwè plis pase w vle an reyalite. Piga patisipe epi bwè nan rit pa w.

  • Eseye bwè mwens ak yon zanmi. Sipò moral ak travay annekip la pral ede w.

  • Manje yon dine ki bon pou sante anvan w kòmanse bwè. Epitou, kòmande manje anvan w kòmanse bwè, pou w pa tante pou w pran opsyon ki pa fin bon pou sante yo.

  • Evite "bwè defason egzajere." Lè w bwè yon gwo kantite alkòl nan yon nwit li ka pi mal pou sante w pase ti kantite ofiramezi.

Pou w wè kijan bwason w yo akimile, eseye Kontè Kalori Alkolik sa a.

Voye yon mesaj pou responsab swen w lan si w gen kesyon oubyen si w vle pale.