Skip to main content

Sijesyon pou Bagay Dous

Anpil nan nou renmen bagay dous. Li difisil pou w reziste desè!

Twòp sik pral fè w pran pwa. Men lè w eseye koupe tout sikreri yo sa ka entèfere ak siksè w nan pèdi pwa.

Kisa w ka fè lè w gen anvi pou bagay dous?

Manje fwi apre dine

Manje omwen 1 pòsyon fwi fre apre dine w, pou w pa pran desè rich yo.

Desè fwi

  • Rezen glase oubyen mwatye yon fig glase tranpe nan chokola.

  • Fwi tranpe nan chokola oubyen yogout (fwi bèri, pòm, oubyen fig).

  • Pòm oswa pwar kwit nan fou.

Fè yon ti vèsyon piti desè prefere w la

Jwi yon grenn dan oubyen de epi ekonomize kalori yo. Moulen dousman epi kontinye suiv plan w nan. Eseye kwit desè sa yo nan fou nan moul pou mòfenn epi konjle yo. Si li difisil pou w fè yon vèsyon piti, toujis pataje li ak yon moun.

Ti desè piti yo

Gato:

  • Eseye gato zanj.

  • Kwit gato avèk yogout oubyen konpòt pòm ki pa gen sik ladann olyede lwil.

  • Itilize ganiti fwete ki pa gen grès oubyen mereng olyede krèm glase.

  • Mete fwi kòm ganiti.

Tat:

  • Fè yon kwout ki fèt ak biskwit graham epi itilize mwens lwil nan kwout la.

  • Pa mete kwout anlè a oubyen fè yon tout.

Kenbe l senp

Ou pa oblije pase anpil tan ap fè desè.

Ti solisyon senp

  • Chokola cho ki pa gen sik oubyen te cho ki awomatize.

  • Konpòt pòm ki pa sikre.

  • Biskwit zannimo.

  • Pòpkòn ki gen kanèl simen sou li.

Objektif pou jounen an

Si w gen yon anvi pou bagay dous, ajoute detwa nan bagay sila yo sou lis acha w la!