Fè l Travay nan Travay la
An mwayèn, nou pase anviwon 8 è nan jounen nou nan travay. Sa anpil! Donk, reflechi byen a sa w manje nan travay la.
Estrès, fatig, ak orè tèt chaje nan travay la kapab gen move efè sou rejim alimantè w. Ak yon ti planifikasyon, ou kapab itilize ti goute ak manje midi pou w kenbe fèm ak rejim ou a.
10 ti konsèy pou w rete sou bon chimen an nan travay la
Manje ti dejene. Yon ti dejene ki bon pou sante pral prepare w pou jounen an epi l pral fè w sispann grangou anvan lè manje midi.
Pwòp manje w kwit lakay ou souvan gen mwens kalori ak grès e l koute mwen chè pase manje prepare yo.
Bwè dlo. Lè w bwè dlo pandan jounen an sa ka ede w evite grangou. Si w gen nenpòt pwoblèm kè oubyen lòt enkyetid sou sante w, li enpòtan pou w pale avèk doktè w sou kantite dlo w dwe bwè chak jou.
Planifye ti goute w yo. Kenbe yon ti goute ki bon pou sante sou lamen, tankou ti goute abaz fwi oubyen legim, oubyen pòpkòn senp ou fè lakay ou.
Lè wap fè sandwich, chwazi pen konplè. Farin konplè genyen plis fib pase farin blan rafinen. Sa vle di ou dijere l pi dousman, ki fè w gen sansasyon vant ou plen, pandan pi lontan. Sa ede evite pouse nan nivo sik nan san an tou.
Nan sandwich sa yo, chwazi vyann mèg, tankou kodenn oubyen poul san po. Oubyen, fè yon sandwich abaz legim ak zaboka.
Chwazi "sa ki pa gen anpil grès." Eseye mayonèz ki gen mwens grès. Gendelè manje ki gen pa gen anpil grès yo ranplase grès la avèk sik ak sèl yo ajoute, donk verifye etikèt la!
Tan pou ti goute a se yon bon lè pou w manje plis fwi ak legim. Ou kapab achte pòm ak legim ki deja koupe oubyen ekonomize yon ti lajan epi prepare yo oumenm.
Chwazi biskwit oswa tchips ki kwit nan fou olyede sa ki fri yo.
Fè soup. Soup abaz legim yo se eleman nitritif ki rich e ki ranplisan. Fè yon pakèt met la. Li konjle san pwoblèm!
Fason pou w fè aktivite fizik nan travay
Desann otobis la yon arè anvan pa w la.
Al fè yon ti mache rapid nan tan manje midi ou.
Pran eskalye, toutan.
Kite machin nan epi mache pito.
Èske genyen yon moun nan travay la ki enterese nan pèdi pwa tou?
Pale sou obstak ou yo epi selebre reyisit ou yo ansanm!