Skip to main content

Pran Kontwòl, Pran Aksyon

Petèt ou pa ka tann pou w atenn objektif ou yo men w pa fin konnen kisa pou w fè egzakteman. Genyen anpil bagay pou w aprann! Gen anpil bagay pou w fè oubyen pou w chanje!

Men kèk ide konkrè pou w fè pandan 7 pwochen jou yo. Ekri yo sou papye. Mete yo nan kalandriye w. Èske w kapab fè yo tout?

  • Planifye pou w gen omwen 2 pòsyon legim avèk chak repa aswè semèn sa a.

  • Kreye yon salad ou fè lakay ou. Melanje li epi eksperimante ak kèk nouvo ganiti.

  • Eseye planifye pou w mache 3 fwa pandan 30 minit nan lè manje midi ou nan semèn sa a. Tan poz pou manje midi ou se yon opòtinite pou w fè aktivite fizik.

  • Kenbe fèm ak objektif pou kalori ak egzèsis ou yo.

Poz ki bon pou sante oswa pyèj kalori

Reflechi defason entelijan lè wap chwazi salad yo. Salad kapab se pi bon zanmi w lè wap eseye pèdi pwa. Men veye ganiti ki plen kalori yo. Dabitid yon salad vèt ak fèy vèt, tomat, ak konkonm pa gen anpil kalori, sèl ak grès e l chaje ak eleman nitritif. Men ganiti tankou kwouton, tibout bekonn, fwomaj, poulè pane, ak vinegrèt ekreme yo ap chanje yon salad ki bon pou sante an yon repa ki gen anpil kalori.

Suiv 3 règ dò sa yo pou salad:

  1. Evite ganiti ki gen grès.

  2. Toujou mande pou vinegrèt akote.

  3. Evite vinegrèt ki gen mayonèz oubyen krèm.

Ajoute yon kout savè avèk ganiti salad ki gen 50 kalori sa yo:

  • Yon gwo kiyè grenn tounsòl griye

  • Yon gwo kiyè nwa pin (pine nuts) griye.

  • q gwo kiyè grenn sitwouy griye.

  • Yon ponyen rezen koupe.

  • Yon gwo kiyè nwazèt rache griye.

2 bagay pou w note osijè salad:

  1. Rete veyatif lè wap achte vinegrèt komèsyal pou salad "ki gen mwens grès" yo. Malgre yo ka pa gen anpil grès, yo ka chaje ak sik. Toujou tcheke enfòmasyon nitritif sou etikèt la.

  2. Si w nan yon restoran oswa nan yon kafe, mande pou yo sèvi vinegrèt la akote. Epi ajoute sèlman kantite ou bezwen an.

Èske si w jwenn sipò sa ka ede w atenn objektif ou yo? Voye yon mesaj pou responsab swen w lan!