Skip to main content

Fo Kwayans sou Aktivite Fizik

Aprann kisa ki se verite, ak kisa ki pa verite, sou aktivite fizik.

Fo kwayans: Aktivite fizik konte sèlman si ou fè li pandan peryòd tan ki long.

Reyalite: Ti epizòd egzèsis kapab amelyore sante ou tou. Separe sesyon yo pou yo adaptab a orè ou. Li mye pou w fè omwen 2 zèdtan 30 minit egzèsis modere chak semèn. Ou kapab repati sesyon sa yo sou tout semèn nan e ou ka menm fè ti bout sesyon kout 10 minit aktivite 3 fwa pa jou pandan 5 jou oswa plis pa semèn.

Ti Konsèy rapid

  • Etabli ti bout sesyon aktivite fizik kout nan jounen ou.

  • Nan travay, pran yon ti repo 10 minit pou w fè lamach. Oubyen fè yon reyinyon "etan wap mache" olye w "chita".

  • Pran eskalye yo. Desann otobis la 1 arè anvan pa w la. Rankontre yon zanmi pou w al mache, olye w al manje.

Fo kwayans: Egzèsis antrènman miskilè yo pa yon bon fason pou w pèdi pwa akoz yo pral fè w "vin miskle."

Reyalite: Lè w fè bagay tankou pouchòp ak kèk tip yoga sa pap fè w vin miskle. Aktivite ranfòsman misk pral ede w amelyore sante w. Yo ka ede w kontwole pwa w tou akoz misk boule plis enèji. Fè egzèsis antrènman miskilè omwen de fwa pa semèn.

Ti Konsèy rapid

Fè travay nan kay oswa nan lakou kap fè w soulve oswa fouye kapab ede w vin gen misk ki solid.

Enpòtan

Sonje pou w pale ak pwofesyonèl swen w lan anvan w chanje woutin aktivite fizik ou.

Pa annik ret chita!

  • Nou pase anpil tan chita. Chita bò biwo, nan machin, epi devan ekran.

  • Repati tan w fè chita a nan leve epi bouje enpe, menmsi se sèlman pou 10 minit alafwa.

  • Nan plizyè jou ak plizyè semèn, minit sa yo pral akimile.

Objektif pou jounen an

Planifye pou w fè omwen 10 minit aktivite fizik 3 fwa pa jou pandan 5 jou oswa plis pa semèn.