Skip to main content

Ranfòse Konfyans Ou

Plis ou gen konfyans pou w fè yon chanjman, plis wap gen siksè. Sa a se yon fè ki pwouve!

Ou ka genyen dout sou si wi oswa non ou kapab pèdi pwa epi pou pa reprann ni. Men, piga kite depresyon ralanti w sou kous ou. Ou kapab fè l!

Sou yon echèl soti 1 rive 10: Jiska ki pwen ou gen konfyans ke wap kapab chanje fason w manje ak aktivite fizik ou pou w kontwole pwa w?

Reflechi sou chif ou a

Poze tèt ou kesyon:

"Kisa ki fè nivo konfyans mwen kote l ye a?"

"Kisa ki ta fè chif sa a 2 oswa 3 pwen pi wo?"

"Kisa ki ta ka fè m gen plis konfyans?"

Fè aranjman pou w fè bagay sa yo rive

Raple w bagay ou te fè ki te fonksyone anvansa. Kounye a:

  • Reflechi sou kijan w te fè bagay sa yo. Kisa w te fè pou w fè l rive?

  • Reflechi sou kijan w kapab itilize siksè w te genyen anvan pou w atenn sa w vle fè kounye a.

  • Kontinye di tèt ou ke w kapab fè l.

  • Mande èd. Manm fanmi w, zanmi w, ak responsab swen w lan kapab ba w sipò ak ankouraje w si ou toujis mande sa.

Sonje, ou kapab toujou voye yon mesaj pou responsab swen w lan.

Pase tan ak moun ki ofri w ankourajman. Rantre nan yon gwoup sipò. Ou pral santi w gen plis konfyans lè ou konnen ou gen sipò dèyè w!

Dabitid moun prèske toujou santi yo gen plis konfyans dèke yo kòmanse ak yon bagay. Kidonk, pran yon ti pa pou w atenn objektif ou yo jodiya!