Fo Kwayans sou Repa
Tout moun ap pale sou manje. Li ka twòp. Yo pete fyèl ou ak enfòmasyon sou manje. Reklam televizyon, sitwèb ak blòg, liv, ak magazin yo tout eseye di w kijan pou w vin pi an sante.
Kijan èske w kapab detèmine kisa ki ka ede ak kisa ki se palab anpil?
Fo kwayans: Mwen dwe evite tout manje rapid.
Reyalite: Si w byen chwazi nan meni yo, ou ka manje yon manje fast food yon lè konsa:
Evite soda. Alaplas, bwè dlo oswa te glase ki pa sikre.
Chwazi sa ki chode oubyen ki kwit nan fou olyede sa ki fri anpil yo.
Pran salad avèk vinegrèt a kote. Piga pran ganiti ki fri!
Chwazi fwi fre ak yogout ki san grès kòm desè.
Fo kwayans: Si mwen sote yon repa, map pèdi plis pwa.
Reyalite: Lè w sote yon repa wap gen plis chans pou pi grangou epi pou manje plis nan pwochen repa a:
Etid yo montre gen yon lyen ant sote manje maten ak obezite.
Olye pou w sote repa, pran pòsyon ki pi piti.
Piga tann pou w manje jouk ou trè grangou. Pran repa regilye nan menm lè a chak jou.
Fo kwayans: Sa ki pa gen anpil grès ak sa ki san grès toujou bon pou mwen.
Reyalite: Pa toujou. Gade etikèt pwodui a avèk atansyon:
Asire w ke manje a pa gen anpil kalori, sèl, ak sik.
Genyen bon grès ak move grès. Aprann plis enfòmasyon sou kalite grès yo.
Yo diminye oubyen retire grès defason atifisyèl, men gendelè yo ranplase l avèk aditif, tankou sik oswa lanmidon anplis.
Fo kwayans: Mwen pa gen lajan pou m achte manje ki bon pou sante.
Reyalite: Sa ki enpòtan an se pou chwazi byen. Ou kapab jwenn anpil manje ki bon pou ou e ki pap koute w anpil lajan. Pa egzanp:
Pen konplè ak pat yo gen pri abòdab e yo disponib nan majorite makèt.
Pa achte manje ki kwit davans oubyen ki tou prepare. Kwit manje a oumenm epi ekonomize!
Avèk tout sa wap aprann yo, ou kapab jwenn ak achte anpil manje kap bon pou ou.
Objektif pou jounen an
Pran yon ti moman pou w revwa verite yo osijè repa yo.
Itilize done sou manje ke w sot li yo pou ede w fè bon chwa konsènan manje wap manje yo.
Se yon gwo pa annavan!