Skip to main content

E si Patnè Mwen Pa Ede m?

Wap jere pwa w e wap kenbe rèd ak pwogram nan!

Li ka anpil, men ou sou bon chimen an. Gendelè ou ka santi tankou ou pa toujou jwenn sipò w bezwen an.

Jesyon pwa mande anpil chanjman. Gendelè sa ka bay moun pwòch ou yo pwoblèm.

Men kèk ide pou w soulaje presyon an:

  • Travay pou n konprann youn lòt. Chanjman kapab difisil, pou nou toulede.

  • Konprann ke patnè w la ka pa konnen kijan pou l ba w sipò. Defason kalm ak respektye, mande li pou l ede w, epi di l kijan l kapab ba w asistans. Pran pasyans. Chanjman pran tan.

  • Pratike rete fèm. Sa vle di kanpe fèm dèyè nenpòt sa w di. Lè w di "non" sa vle di "non." Pratike ak repete, si nesesè, pou w kenbe objektif ou ak pwogram ou.

  • Chèche èd ak sipò nan men lòt moun ki pa mari/madanm ou oswa patnè w. Voye yon mesaj pou responsab swen w lan konsènan gwoup sipò nan zòn lakay ou a.

Sonje, tout sa gen pou wè avèk oumenm.

Pran responsablite pou sa ou fè, sa ou manje, ak sa ou deside ki pi bon pou ou. Reziste anvi w genyen pou blame zòt. Sa mande kouraj, men ou djanm!