Skip to main content

Soulye kap Bouje

Kounye a ke wap fè plis aktivite fizik, asire w ke soulye w yo kapab kenbe konpa a!

Li enpòtan anpil pou w mete bon kalite soulye yo pou w konfòtab ak an sekirite. Yo pral ede w pwofite pi blis posib de egzèsis ou yo.

Men kèk ti konsèy pratik pou w jwenn bon soulye pou ou yo:

  • Chèche plizyè kote pou divès estil ak mak komèsyal. Mande vandè a pou l ede w chwazi soulye ki pi bon pou kalite egzèsis ou chwazi fè a.

  • Ale nan yon magazen atletik epi pran mezi pou soulye ki bon pou lajè pye w, vout ou yo, ak demach ou.

  • Lè wap eseye nouvo soulye, mete kalite chosèt ou pral mete pandan wap fè aktivite fizik. Mete chosèt an koton oubyen chosèt atletik. Sa pral evite zanpoud.

  • Pye w vin lejèman anfle pandan aktivite fizik ak nan fen jounen an. Donk, lè wap achte nouvo soulye, ale toujis apre w fin fè aktivite fizik oubyen nan fen jounen an.

  • Mache pandan wap eseye soulye yo. Pa gen rezon pou w mete soulye atletik pou w ka laji yo gradyèlman. Yo dwe konfòtab kou w mete yo nan pye w.

  • Se pou gen 1 pous espas nan lajè ant pi gwo zòtèy la ak pwent soulye a.

  • Talon an pa dwe pense w ni glise lè wap mache.

  • Soulye yo dwe pliye fasilman nan plant pye w, pati toujis dèyè zòtèy ou.

  • Apre w fin fè espò, verifye si pye w pa gen okenn blese, koupe oswa zanpoud. Di doktè w sa si yo pa geri.

  • Ranplase soulye w yo lè semèl yo oubyen anba yo fin fennen oubyen yo fin ize. Si rès soulye a an bon eta toujou, ou ka ranplase semèl yo sèlman.

  • Si wap mache regilyèman pou w jere pwa w, ou ka gen pou w ranplase soulye atletik ou yo souvan.

Wap fè yon bèl travay jiskaprezan. Donk, mare lasèt ou epi kòmanse deplase!