Skip to main content

Avantaj Egzèsis bay

Aktivite fizik bon pou kò w ak sèvo w. Pami lòt avantaj ki genyen, li ka:

  • Amelyore imè w.

  • Fè w vin gen plis fòs.

  • Bese risk pou devlope maladi.

Menm la ankò, vèsyon pa w konsènan aktivite fizik ka diferan dapre plizyè faktè:

  • Nenpòt pwoblèm sante ou ka genyen, tankou tansyon wo.

  • Sa ki enterese oswa sa w fè kom lwazi.

  • Orè w chak jou.

Men kèlkeswa sitiyasyon w, ou ka fè ansòt pou fòm fizik travay pou ou.

Nan kisa sa ede w lè w aktif?

Nenpòt kantite aktivite fizik gen benefis pou lasante.

Egzèsis ka:

  • Diminye estrès, anksyete, ak depresyon.

  • Ede w panse pi byen.

  • Ede w dòmu pi byen.

Kle a se pou bouje plis epi chita mwens.

Kisa ki konte kòm aktivite fizik?

Egzèsis pa oblije yon seyans antrènman ofisyèl. Li ka yon senp ti mache.

Menmsi se 5 oswa 10 minit aktivite chak jou bon pou w. Ouka kòmanse byen pa epi w ogmante l ofiramezi.

Aktivite sa yo konte kòm egzèsis:

  • Ale fè komisyon.

  • Ranmase fèy.

  • Al mache ak chyen an.

  • Netwaye ak pase aspiratè (vakyòm).

  • Jadinaj.

  • Mache nan tout kay la.

  • Monte desann eskalye.

  • Pouse yon pousèt oswa yon charyo makèt.

Tape la a pou ka konn kijan w ka ajoute plis egzèsis nan jounen w.

Si w pa ka kite kay ou

Ou ka panse li difisil pou fè egzèsis si w pa ka soti. Sepandan gen bagay ou ka fè pou rete aktif etan w nan salon w.

  • Pran yon klas egzèsis sou entènèt.

  • Mete mizik epi danse.

  • Gade videyo pou ka aprann kijan pou fè yoga.

  • Eseye fè egzèsis bat fè ak ti pwa ki lejè nan men w.

Sonje

Toujou mande founisè w la si w kapab kòmanse ak yon nouvo pwogram egzèsis oswa yon nouvo aktivite anvan menm ou kòmanse.