Grangou ak Vant Plen
Pafwa nou konn manje paske nou panse nou ta dwe manje, paske pandil la bay yon sèten lè, oubyen paske nou zòt ap manje. Mande tèt ou anvan w manje. Èske w grangou toutbon?
Alèkile, achak repa, li bon pou konnen kilè pou kanpe anvan w manje twòp. Nan pwen afè di "Oh, vant mwen plen!"
Kilè m ta dwe sispann manje?
Ou ta dwe manje jiskaske w satisfè oswa jiskaske w prèske plen.
Kijan pou m fè konnen?
Pou ka jere ki kantite manje w manje, koute kò w. Men kijan pou fè l:
Sispann manje 2 oswa 3 fwa achak repa. Mande tèt ou si w grangou toujou osa èske w kòmanse santi ke w manje ase.
Manje dousman. Sansasyon ke w ranpli a pa rive tousuit.
Lè w fin manje, tcheke ankò pou wè jiska ki pwen w santi w plen. Ou pa janm vle pou twò grangou ni twò plen.
Li pi bon pou rete ant 3 ak 7 sou echèl grangou/plen ki anba a.
Èske w te konnen?
Lestomak pran 20 minit pou l di sèvo a ke li (lestomak la) plen, donk manje dousman epi sispann manje anvan w santi w plen.
Ki konsèy ki genyen pou jere manje?
Manje nan ti plat ak nan ti bòl. Konsa, wap vin abitye ak ti pòsyon san w pa kite grangou bare w.
Manje anpil legim ak anpil fwi. Yo ka fè w santi w pi plen ak mwen kalori.
Konsantre sou manje ti repa piti ki balanse ak ti goute ki bon pou lasante antretan. Konsa, wap gen anpil enèji epi wap kontwole grangou w.
Chanje lè w konn manje a, sitou si w gen tandans sote oswa retade repa epi pou manje anplis nan pita.
Itilize echèl sa a pou ka kalkile lè w grangou ak lè w plen nan lè repa.
Echèl grangou ak lè w plen | |
---|---|
10 | Vant plen jouk mwen pa alèz oswa jouk mwen "malad." Tankou lè m manje anpil pou "Jou Aksyon Degras (Thanksgiving)." |
9 | Fal mwen plen e mwen pa santi m alèz. |
8 | Mwen twò plen, plizoumwen enkonfòtab. |
7 | Mwen plen, men m poko santi m enkonfòtab. Grangou a ale. |
6 | Ou plen, men malgre tou ou toujou konfòtab. Ou ka manje plis toujou. |
5 | Ou net. Ou pa ni grangou ni plen. |
4 | Ou grangou lejèman, ti siyal ki montre kò w bezwen manje. Ou ka tann pou manje. |
3 | Ou grangou, ou poko enkonfòtab. Siyal klè ki montre kò w bezwen manje. |
2 | Ou grangou anpil, ou irite, oswa anksye. Ou vle manje tout sa w wè devan w. |
1 | Wap mouri grangou, ou gen vètij, tèt ou ap vire, oswa lòt egzanp sentòm grangou ki fè w enkonfòtab. |