Rekadraj pou Chape anba Pyèj nan Fason Ou Panse
Li difisil pou w chape anba abitid refleksyon negatif yo. Genyen yon rezon ki fè sikològ yo rele sa pyèj nan fason nou panse. Rekadraj se yon zouti ou ka itilize pou ede w antrene panse w pou evite tonbe nan pyèj nan fason nou panse yo.
Kijan pou fè l
Obsève fason ou panse. Lè w santi w estrese, pran yon moman pou w note refleksyon w. Pa jije l, jis note l. Mande tèt ou kijan refleksyon w fè w santi w. Si evalyasyon anyèl nan travay ou se yon sous estrès pou ou, ou ta dwe note santiman w parapò ak lè yap evalye w. “Mwen remake ke respirasyon m rapid e mwen genyen refleksyon, ‘Evalyasyon m nan ap terib.’”
Evalye fason ou panse a. Fè kòmsi ou se yon jij epi mete refleksyon w an jijman. Kisa reyalite a ye? Kisa ki pwouve ke sa wap di tèt ou a se verite li ye? Èske zanmi w tap gade w pandan w nan sitiyasyon sa a epi yap rakonte menm istwa a? Èske gen lòt fason pou obsève kisa kap pase? Nan kèk sitiyasyon estresan, nou pyeje nan refleksyon negatif e nou rakonte tèt nou yon istwa ki pa vre oswa ki vrèman inilateral. Pa egzanp, si sipèvizè w fè w yon kòmantè sou kijan pou amelyore yon bagay, ou ka rakonte tèt ou yon istwa ki pa vre kote sipèvizè w rayi tout sa w fè epi li pa renmen w. Sa a se yon pyèj nan fason w panse.
Chanje fason ou panse a. Ranplase refleksyon negatif yo ak sa ki pi itil. Olye pou wap panse ke sipèvizè w pa renmen w, rekadre istwa w epi panse “Mwen kontan ke sipèvizè m kwè nan mwen ase pou li ban mwen kòmantè ki onèt. Siman li wè potansyèl mwen e li vle ede m pwogrese.” Oswa eseye teknik “wi, ak” si w vle ekilibre refleksyon w. “Wi, sipèvizè m remake ke mwen fè yon bagay ki pa bon, e an menm tan tou li remake 5 lòt bagay ke m fè byen.”
Pandan ke pwosesis an 3 etap sa a sanble l ase senp, li mande pratik.
Poukisa li fonksyone
Istwa nou rakonte tèt nou vin tounen verite nou, e nou vin pyeje nan abitid refleksyon negatif yo. Anpil moun santi yo estrese yon fason ki kwonik akoz atant nan travay yo, obligasyon sosyal yo, edikasyon timoun yo oswa gade nouvèl. Si sa sanble ak ou, ou ka detekte ke pyèj refleksyon negatif se yon pati nan pwoblèm nan. Pyèj nan fason nou panse ka fè nou vin pi estrese, angwase, tris e menm pi iritab oswa an kòlè. Sa ka jenere konpòtman ki rann sitiyasyon an pi mal. Sa ka enkli evitman, retrè ak konfli.
Lè nou ka remake ke nap pran nan pyèj refleksyon negatif la e ke nou vin chanje refleksyon sa a pou ranplase l ak yon bagay ki pi reyalis e ki pi itil, nou ka obsève sitiyasyon nou yon fason ki pi klè. Nou ka diminye estrès nou epi amelyore eta despri nou. Nou ka menm dekouvri ke li pi fasil pou jwenn yon solisyon ak yon sitiyasyon ki estresan oswa omwen nou pi byen anmezi pou jere li lè nou ka evite pran nan pyèj refleksyon negatif sa yo.
Jwenn èd
Rekadraj la ka pi difisil ke jan l parèt la. Li ka difisil pou w chanje fason ou panse. Li mande tan ak pratik. Si w santi ke w bezwen èd, panse pou pale ak yon konseye/terapet ki itilize terapi konpòtmantal koyitif. Sa ka ede w wè abitid sou fason ou panse yo. Li ka ede w pratike kijan pou rekadre refleksyon w epi ba w sipò adisyonèl nan jesyon estrès ou. Pou w jwenn yon lis terapis ki itilize estrateji sa a, konsilte Asosyasyon pou Terapi Konpòtmantal ak Koyitif (Association for Behavioral and Cognitive Therapies) la. Kontakte pwofesyonèl swen sante w la oswa voye yon mesaj bay responsab swen w lan si w bezwen èd pou w jwenn yon terapis.