Skip to main content

Resèt: Somon Kwit nan Fou

Resèt ki gou sa a chaje ak pwoteyin ak eleman nitritif ki bon pou sante kè a. Ajoute yon pòsyon akonpayman bwokoli woti oubyen pwa tann chode pou yon repa byen balanse. Li fasil e lap pare pou manje nan 30 minit!

Tan preparasyon: 10 minit.

Tan kwison: 20 minit.

Li bay 6 pòsyon.

Engredyan

  • 1 tas krèm frèch si ki pa gen grès.

  • 2 ti kiyè lanni seche.

  • 3 gwo kiyè powo ki rense e koupe an ti moso byen fen.

  • 2 gwo kiyè moutad Dijon.

  • 2 gwo kiyè ji sitwon.

  • Yon liv edmi filè somon, koupe an 6 moso (4 ons chak).

  • Yon demi ti kiyè poud lay.

  • Yon demi ti kiyè pwav moulen.

  • Espre pou kwit manje.

Direktiv

  • Chofe fou w a davans a 400°F.

  • Bat kèm frèch si a, ani a, zonyon vèt yo, moutad, ak ji sitwon an nan yon ti bòl pou blende.

  • Mete yon ti kantite espre pou fè manje sou papye yo itilize pou kuison.

  • Mete somon an, pati ki gen po a sou anba, sou papye yo itilize pou kuison ke w prepare a. Simen poud lay ak pwav sou li epi apre mete sòs la sou li.

  • Kuit filè somon yo jiskaske chak detache ak yon fouchèt nan pati ki pi epè a, apeprè 20 minit (pou tanperati entèn nan rive a yon minimòm 145°F).

  • Sèvi l touswit.

Nitrisyon

Serving Size

4 ounces

Kalori

196

Grès total

7 gram

Grès satire

2 gram

Kolestewòl

76 miligram

Sodyòm

229 miligram

Fib total

1 gram

Pwoteyin

27 gram

Kabo-idrat

5 gram

Potasyòm

703 miligram

Somon gen anpil asid grès omega-3 ladann:

  • Li pi bon lè w pran eleman nitritif sa a nan manje, olye pou w pran l nan sipleman.

  • Etid yo montre ke yon rejim alimantè ki rich ak fwidmè ka pwoteje w kont maladi kè.

  • Manje fwidmè yon fwa pa semèn pou gen yon kè ki an sante!