Egzèsis pou Tan Cho
Petèt gendwa poko fè cho kote w ye a (oubyen deja fè cho!), men li enpòtan pou w prepare w pou aktivite fizik nan chalè.
Lè chalè a monte, se pou w fè atansyon. Maladi chalè kapab siprann ou.
Istwa Thom
Mwen vreman renmen monte bekàn, men se yon sesyon kondisyònman fizik li ye. Mwen fè siklis granm maten sèlman lè mwen konnen pral fè cho nan jounen an. Mwen kenbe dlo ak yon bwason espòtif ki pa gen anpil sik avèk mwen tou. Se yon sitiyasyon ganyan-ganyan. Transpirasyon ak dlo bon pou pèdi pwa e mwen libere aprèmidi m yo pou m al detann mwen nan lanmè!
Suiv ti konsèy sa yo pou w rete san danje nan chalè
Fè egzèsis bonè nan maten oubyen apre solèy kouche.
Pran repo ak poz pou bwè dlo.
Bwè dlo anvan w santi w swaf. Distans pou w santi w swaf, ou deja dezidrate.
Bwè likid anvan, pandan, ak apre w fè egzèsis.
Chwazi dlo oubyen yon bwason espòtif ki pa gen anpil kalori.
Evite bwason ki gen alkòl ak kafeyin.
Mete rad ki lejè, ki lach epi ki gen koulè pal. Chwazi espas nan lonbraj lè sa posib.
Diminye vitès oubyen distans jan li nesesè.
Fè egzèsis andedan pandan alèt sou ozòn yo, chalè ekstrèm, ak jou ki trè imid yo.
Itilize pwoteksyon kont solèy, chapo, ak linèt solèy.
Koute kò w.
Enpòtan
Sispann si w santi:
Doulè nan pwatrin.
Souf kout.
Vètij.
Toudisman.
Feblès.
Trè fatige.
Kèplen.
Kè w ap bat fò anpil.
Deplase ale nan yon espas ki fre.
Si sentòm sa yo kontinye pandan plis pase 5 minit, rele 911.