Akonpayman Senp
Lè w pran yon bòl legim byen kolore akote nenpòt repa, se yon bon fason pou w santi w byen ak pèdi pwa. Pla akonpayman akote sa yo chaje avèk potasyòm ak fib.
Lis acha yo la a pou ou. Kò w pral remèsye w.
Aspèj avèk ji sitwon
Mmm. Yon pla akonpayman byen gou pou pla pwason, kokiy sen jak, poul, oubyen pla vyann yo. Mwens pase 35 kalori pou chak pòsyon.
Lis sa pou w achte:
20 tij aspèj mwayen.
1 sitwon fre.
2 gwo kiyè lwil doliv.
Yon gwo kiyè pèsi sèch.
1/8 ti kiyè pwav moulen.
1/16 ti kiyè sèl.
Wap bezwen yon panye pou chode ak yon graj.
Direktiv:
Rense epi koupe bout di aspèj la yo.
Mete 1 pous dlo nan yon bonm 4 ka ki gen kouvèti. Mete yon panye pou chode andedan bonm nan epi ajoute aspèj la. Kouvri l epi fè l bouyi sou gwo dife. Desann dife a nivo mwayen. Kwit li pandan 5 a 10 minit, jouk ou ka fasilman pèse aspèj la ak yon kouto file. Piga kwit li twòp.
Pandan aspèj la ap kwit, graje zès sitwon an nan yon ti bòl. Koupe sitwon an amwatye epi prije ji a nan bòl la. Itilize do yon kiyè pou w prese tout ji a ak grenn yo soti.
Ajoute lwil doliv, pèsi, pwav, ak sèl. Brase l byen brase. Mete l akote.
Lè aspèj la vin mou, retire bonm nan sou dife a. Mete tij aspèj yo nan yon bòl sèvis. Byen pire sitwon an sou tout aspèj la (apeprè yon demi ti kiyè pou chak pla) epi sèvi l.
Bètrav woti ak sòs oranj
Pla akonpayman plen koulè sa a vif ak savè oranj, ki gen sèlman 59 kalori pou chak pòsyon.
Lis sa pou w achte:
Yon liv edmi ti bètrav.
Yon ti kiyè luil doliv.
1 zoranj.
Yon demi ti kiyè ani etwale (si w vle).
Ou toujis bezwen yon plak kwison ak graj pou resèt sa a.
Direktiv:
Chofe fou a davans a 450°F. Kouvri yon plak kwison avèk papye aliminyòm pou fasilite netwayaj.
Koupe tij yo, kale bètrav yo, epi koupe yo an 4 moso.
Nan yon bòl mwayen, lage bètrav yo ak lwil doliv la jouk yo byen mouye.
Etale bètrav yo sou plak kwison an youn akote lòt nan yon grenn kouch.
Kwit li pandan 30 a 40 minit. Lè l fini, ou dwe ka pèse bètrav yo fasilman ak yon kouto file.
Pandan bètrav yo ap kwit, graje zès zoranj lan. Mete li nan yon ti bòl. Koupe zoranj lan amwatye. Pire ji a (apeprè demi tas) nan bòl ki gen zès zoranj lan. (Itilize yon gwo kiyè pou w peze andedan zoranj lan pou w ekstrè plis ji.) Ajoute grenn aniz (opsyonèl). Mete l akote.
Lè bètrav yo fin mou, remete yo nan bòl la. Vide melanj ji a sou bètrav yo. Melanje l byen pou w byen mouye yo epi sèvi l.
Ti kawòt piti glase ak kanèl
Pèsòn pa ka reziste pla akonpayman legim dous sa a ki trè bon ak pifò vyann, poul, ak pwason. Sèlman 67 kalori pou chak pla.
Lis sa pou w achte:
4 tas ti kawòt.
2 gwo kiyè bè magarin mou.
2 gwo kiyè sik krèm.
Yon demi ti kiyè kanèl.
1/8 ti kiyè sèl. (yon ti pense sèl).
Se yon pwelon sèlman w bezwen pou w prepare kawòt sa yo.
Direktiv:
Rense epi koupe kawòt yo an longè si yo epè.
Mete kawòt yo nan yon ti pwelon. Ajoute toujis ase dlo pou l apèn kouvri kawòt yo. Kouvri l. Kite l bouyi. Desann dife a nivo mwayen. Kwit li pandan 7 a 8 minit, jouk ou ka fasilman pèse kawòt yo ak yon kouto file.
Pandan kawòt yo ap kwit, melanje magarin nan, sik wouj la, kanèl la, ak sèl la nan yon ti pwelon, epi fè yo fonn ansanm sou yon ti dife ba (oubyen mete l nan yon bòl ki fèt pou mikwo-ond epi mete l nan mikwo-ond lan pandan detwa segonn sou gwo puisans, jouk pifò magarin nan fonn). Byen brase l pou w melanje engredyan yo.
Koule kawòt yo, kite yo nan pwelon an. Vide melanj kanèl la sou kawòt yo. Kwit li epi brase l sou dife mwayen pandan 2 a 3 minit, toujis jouk kawòt yo byen benyen e glasaj la vin on ti jan epè. Sèvi l tyèd.
Objektif pou jounen an
Fè yon lis bagay pou w achte ke ou pral bezwen pou yon nouvo akonpayman legim!
Rale atik sa a pwochen fwa ou nan makèt!