Byenvini
Èske w pare pou pran afè pèdi pwa alontèm nan oserye?
Pwogram sa a se pou oumenm menm li ye. Byenvini!
Nan pwogram sa a, ou pral resevwa 12 semèn enstriksyon sou fason pou w pèdi pwa chak jou. Se oumenm ki an kontwòl: donk ou ka itilize l jan l vini an, ou ka li l davans, oswa w ka pwolonje pwogram nan nenpòt jan w vle.
Ou pral aprann kijan pou ou:
Kreye yon plan pou w pèdi pwa ki adapte avè w.
Fè chanjman etap pa etap nan fason w manje ak fason ou bay kò w plis aktivite.
Adopte chanjman sa yo ki pon pou sante w kòm yon nouvo fason pou w viv toulejou.
Transfòme w pou vin moun ki gen yon pi bon sante jan wap planifye l la.
Pou n ka kòmanse, ann gade kisa ki pa mache, lèfini nap gade kisa ki mache.
Kisa ki pa mache?
Afè pèdi pwa rapid la. Lè w pèdi pwa konsa, li pa dire!
Rejim alamòd, tankou gwoup manje ki entèdi yo. Oubyen lè w manje yon sèl bagay anpil, tankou manje ki gen grès. Yon rejim alamòd ka pa bon pou sante w.
Kèlkeswa sa ki pat mache pou ou anvansa!
Kisa ki mache an reyalite pou pèdi pwa?
Li byen senp lè l ekri sou papye:
Manje manje ki gen mwens kalori.
Manje plis manje ki gen eleman nitritif.
Epi ogmante nivo aktivite fizik ou fè.
Nan lavi toulejou, se yon bagay ki konplèks. Men se oumenm ki se eleman esansyèl la. Premye engredyan an se pouki w vle chanje. Rezon sa a se rezon kap fè w kenbe la lè bagay yo vin di.
Objektif pou jounen an
Ki rezon ki fè w vle pèdi pwa?
Se sa ki se motivasyon w. Mete pawòl ladann. Ekri l yon kote.
Reklame l! Mache avèk li toutan.