Ann retounen sou sa ki esansyèl
Ou li epi w aprann anpil bagay sou pèdi pwa. Li lè pou pran yon ti tan pou w revea sa ki esansyèl.
Kapab gen anpil santiman ki enplike nan afè pèdi pwa sa a. E li fasil pou enplike nan anpil detay.
Men, sa ki esansyèl nan pran pwa, nan pèdi pwa, epi nan balanse pwa w, se bagay ki klè e ki senp.
Ekwasyon pou balanse pwa w
Menm kantite kalori ou absòbe ak kalori w boule = pwa w ret menm jan an (ekilib enèjetik).
Ou absòbe plis kalori pase sa w boule avèk letan = pran pwa.
Ou boule plis kalori pase kalori w absòbe avèk letan = pèdi pwa.
Aliman de baz
Se manje ak bwason ki ba w enèji ak eleman nitritif ou bezwen pou panse, bouje ak travay. Chwazi manje w ak bwason avèk sajès. Tout bagay gen kalori ladan yo, men se pa tout ki gen eleman nitritif. Paregzanp yon kola ki gen sik ladann gen kalori men l page eleman nitritif.
Gen anpil chans ke tout pwa w pran yo se grenpe yo te grenpe sou w dousman. Pi bon fason pou pèdi pwa sa a se dousman e ofiramezi.
Twa (3) eleman esansyèl pou pèdi pwa nan yon fason ki bon pou sante
Suiv yon rejim ki bon pou lasante.
Diminye kantite kalori w pran chak jou a, donk mete li a 500 kalori pou pèdi pwa.
Kontinye bay kò w mouvman. Limite tan w fè san aktivite, tankou lè w sou kanape devan televizyon an.
Èske w bezwen plis konsantre w sou aktivite fizik oswa sou manje sa ki bon pou sante w semèn sa a?
Kijan w pral konsantre w?
Kisa w pral fè ki diferan?
Voye yon mesaj pou responsab swen w lan epi fè l konn sa!