Poukisa ak Kijan Pou w Jwenn Pi Bon Somèy
Bon somèy fè w santi w trè byen. Li ede tou pou kenbe nou an sante e ak kè kontan. Se pa repo sèlman li ye. Bon somèy netwaye epi rejenere sèvo a, li ede nou sere souvni, ak rechaje sistèm iminitè nou.
Anpil nan nou genyen difikilte pou n jwenn bon somèy. Ofèt, ozanviwon yon tyè adilt pa jwenn 7 èdtan pa jou yo rekòmande yo.
Difikilte avèk somèy dabitid rive akoz konfli ant vi nou ki sitèlman chaje ak rit natirèl ki kontwole somèy nou. Solisyon, ke ekspè somèy yo devlope, gen rapò ak konekte ak rit natirèl sa yo. Rit sa yo kapab fè nou gen plis somèy nan bon moman an. Sa ka vin lakoz plis somèy, pi bon somèy, ak pi bon sante.
Kisa somèy fè pou sèvo w ak kò w
Benefis somèy yo gen:
Somèy sere souvni yo e netwaye sèvo a. Lè w dòmi, fizikman ou kouche. Men sèvo a aktif. Selil sèvo yo travay pou sere souvni yo e, rechèch resan yo sigjere, li netwaye toksin yo, tankou pwoteyin danjere yo ak dechè yo. Se sèlman pandan somèy pwofon sa ka rive. Li kite tout sèvo a plen ak likid ki lave toksin yo, tankou wap rense sèvo w a chanpou.
Somèy rechaje sistèm iminitè a. Etan nap dòmi, sistèm iminitè nou an ap travay. Li libere pwoteyin, ki konbat enfeksyon. Li kowòdone avèk selil yo nan tout kò nou pou prepare pou nouvo enfeksyon potansyèl. Bon somèy ede asire sistèm iminitè a pare pou l pwoteje kò a.
Kisa kap rive si w pa dòmi ase?
San yon bon somèy, nou gen sante mantal ki fèb ak yon sistèm iminitè ki febli. Sa ka mennen a lòt pwoblèm sante, tankou:
Maladi mantal. Move sante mantal ka pwogrese a maladi sikyatrik, tankou depresyon ak twoub anksyete. Move somèy ka fè maladi sa yo vin pi grav.
Enfeksyon Yon sistèm iminitè ki febli ogmante risk pou enfeksyon, tankou nemoni oubyen rim. Li fè enfeksyon sa yo dire pi lontan tou si nou ta vin genyen yo.
Tansyon. Lè w dòmi, tansyon w desann. Si w pa dòmi, li rete pi wo. Estrès ki rive akoz move somèy kapab monte tansyon w tou. Tansyon ki wo se yon faktè risk prensipal pou maladi kè ak kadyak ak konjesyon serebral (estwok).
Dyabèt tip 2. Bon somèy kapab diminye nivo sik nan san w yo. Sik nan san ki wo kapab lakoz dyabèt. Yon akimilasyon sik nan san w akoz dyabèt kapab domaje veso sangen w yo.
Obezite. Move somèy kapab fè l pi difisil pou w mentni yon pwa ki bon pou sante w. Li ralanti metabolis kò a. Lè w twò bouke, manje malsen pi atiran e li pi difisil pou w jwi egzèsis.
Demans. Moun ki gen move somèy gen plis chans devlope demans. Chèchè yo pa sèten poukisa, men yon teyori se ke li gen rapò ak akimilasyon toksin nan sèvo a.
Aksidan. Mank somèy responsab pou aksidan machin ak erè nan travay.
Kijan èske w ka dòmi pi byen?
Pou l rive dòmi, kò a oblije chanje vitès. Se pou l chanje na pase soti nan travay li fè etan je nou kè pou l pase a travay li fè etan nap dòmi. Chanjman sa a se rit natirèl ki nan kò a ki kontwole li. Chèchè yo jwenn ke meyè fason pou jwenn pi bon somèy gen pou wè ak konekte avèk rit sa yo. Lè nou fè sa, sa ka fè nou santi n gen dòmi, e sa rann ni pi fasil pou n dòmi pran nou, ak pou n dòmi pi pwofondeman. Men kèk fason ou ka fè sa:
Suiv yon orè. Eseye al kouche epi sot nan kabann ou a menm lè a chak jou, menm lewikenn. Lè w eveye, pase yon ti tan nan solèy si w kapab. Lè wap prepare w pou w al dòmi, soti nan solèy la. Rete lwen televizyon ak ekran telefòn yo tou. Limyè solèy la ak ekran yo di kò w pou l rete eveye. Lè w konsyan parapò ak ekspozisyon w nan limyè sa ede senkwonize rit somèy ou yo a orè w.
Pran tan pou w dekonprese. Gwo repa, tan devan ekran, ak enkyetid kapab fè kò w rete nan mòd lajounen, kidonk li mye si w evite bagay sa yo anvan w al kouche. Manje dènye gwo repa a ozanviwon 3 èdtan anvan w al kouche. Sispann kafeyin omwen 6 èdtan anvan w al kouche. Depoze telefòn ou ant 1 a 2 èdtan anvan w al kouche. Eseye evite reflechi sou bagay ki ba w estrès, tankou travay oubyen pwoblèm fanmi, anvan w al kouche. Eseye dedye tan bonè nan jounen an pou sa. Fè aktivite kap ede w detann ou anvan w al kouche. Sa ka se li yon liv, koute mizik ki kalme, fè respirasyon pwofon, oubyen yon lòt bagay ke w renmen.
Kijan pou w konnen si w genyen yon twoub somèy
Majorite moun gen difikilte pou dòmi detanzantan. Men si li rive souvan, ou ka gen yon twoub somèy. Siy komen yo gen ladan yo:
Difikilte pou w dòmi oubyen pou rete andòmi.
Sansasyon fatig lè w leve.
Ou gen anpil dòmi nan je w pandan jounen an.
Poz nan respirasyon oswa wap wonfle.
Pikotman nan janm ou lannwit.
Akoz somèy se yon bagay ki trè enpòtan, pale ak pwofesyonèl swen w lan sou nenpòt nan sentòm sa yo. Li kapab ede w detèmine kisa kòz prensipal la ye. Pa egzanp, sèten fanm devlope pwoblèm somèy nan peryòd perimenopoz. Epitou, mansyone si wap pran nenpòt lòt medikaman yo vann san preskripsyon oubyen medikaman sou preskripsyon, oubyen sipleman. Yo ka ap entèfere ak somèy ou.
Istwa Delia
Mwen se yon otès delè. Pandan yon tan, mwen te gen pwoblèm ke mwen pat reyalize tap rive akoz somèy mwen. Pandan jounen an mwen te santi m pat ka konsantre. E mwen te ap bliye ti bagay byen senp. Doktè mwen an te poze m kesyon sou somèy mwen. Mwen te gen difikilte ak chanjman zòn orè toutan toutan konsa. Mwen te toujou ap reveye nan mitan lannwit. Mwen te konn kouche nan kabann mwen ap goumen pou m eseye dòmi. Doktè mwen te di m, suiv yon orè. Li te di m tou pou m leve nan kabann nan lè m te gen difikilte pou m dòmi. Mwen pwograme yon lè pou m dòmi kèlkeswa kote m te ye a. Mwen te kòmanse li anvan m al kouche. Lè m te gen difikilte pou m dòmi, mwen deplase ale nan yon lòt pyès pou m li. Sa te pran yon ti tan. Men kounyeya mwen ka konte sou relaksasyon ak dòmi fasilman chak swa. Mwen finalman santi m atantif ak eveye pandan jounen an.