Skip to main content

Detekte Pyèj nan Fason Ou Panse yo

Estrès se yon pati nòmal nan lavi. Men èske w te konnen ke fason nou reflechi sou sitiyasyon estresan yo ka afekte kijan nou santi nou e menm kijan nou jere yo?

Yon ti refleksyon kapab itil. Si patwon w ba w yon pwojè ki difisil epi ou panse nan tèt ou, “Mwen tèlman kontan li panse ak mwen, mwen ka fè sa a!” li prèske sèten ke wap travay nan pwojè a ak anpil enèji epi antouzyas. Sa ap ede w fè yon bon travay. Si ou panse nan tèt ou, “Mwen pap janm kapab fè sa a, mwen toujou echwe,” lap pi fasil pou w santi estrès ak lòt santiman negatif ki pral anpeche w travay sou pwojè a.

Kalite refleksyon negatif sa yo ak modèl refleksyon sa yo se tankou pyèj yo ye. Yo pyeje nou nan fè n gen santiman ak konpòtman ki8 swa pa ale ak sitiyasyon an oswa ki rann li pi mal ke jan l ye a.

Sikològ yo idantifye plizyè pyèj nan fason moun panse ki komen e ki gen tandans ogmante estrès, angwas, ak enkyetid epi kontribye nan rann nou malere. Yo ba yo non tou pou ede nou sonje yo! Men kèk egzanp:

Pyèj nan Fason ou Panse

Kisa Li ye

Egzanp

Panse ke se tout bagay oswa anyen ditou

Lè w wè bagay yo kòm “tout bagay bon” oswa “tout bagay pa bon”

“Ti soti sa a pat bon menm. Mwen pat jwenn anyen enteresan pou m di.”

Vwayans

Lè w predi gen move bagay ki pral rive alavni

“Si m postile pou travay sa a, yap refize kandidati m nan kanmèm.”

Katastwofizasyon

Sè lè w pran yon pwoblèm oswa yon sitiyasyon epi w panse li pi mal pase sa l ye a

"Maltèt sa a genlè se yon timè nan sèvo l ye. Mwen pral mouri."

Jeneralizasyon eksesif

Se lè w pran yon evènman negatif oswa detay sou yon sitiyasyon epi ou fè l tounen yon verite pou tout sitiyasyon

“Mwen te bliye peye kat kredi m alè. Mwen pap janm ka rive jere finans mwen.”

Minimizasyon eleman pozitif yo

Se lè ou pran yon bagay ki pozitif ki rive epi ou minimize l kòmsi li pa “konte”

“Sipèvizè m te di m mwen fè yon bon travay sou prezantasyon an, men li te jis ap chèche parèt janti.”

Nou tout nou fè erè nan fason nou panse. Lè w aprann konnen sou pyèj nan fason nou panse epi w note lè w kole nan abitid refleksyon negatif la sa ka ede w idantifye nan ki moman estrès la gen rezon sou ou.